lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu zenglen – li lè li tan

Loading...

[intro]
zenglen
toujou anlè menm bato a
konsyantizasyon n ap chante sa lontan
men nou ap fè bak olye nou fè avan
si n pa rekonsillye vre pi devan
y ap bann plis non pote
konsyantizasyon n ap chante sa lontan
men nou ap fè bak olye nou fè avan
ann pa fè wont sèvi kòlè
rele sou kò nou pito

[verse 1]
nou pot tout non tout move non
nou paka repete, pit-t nou paka tande
nou fè listwa kòm gwo nasyon
nou te kòmanse byen
pouki nou pa vle fini byen

[bridge]
konsyantizasyon n ap chante sa lontan
men nou ap fè bak olye nou fè avan
li lè li tan pou n chanje konpòtman
konsyantizasyon n ap chante sa lontan
men nou ap fè bak olye nou fè avan

[verse 2]
anmwe anmwe
rele anmwe nou ka kriye
rasanble pote kole
men pa fè kòlè sèvi wont je
diyite nou genyen fòk nou sove
olye n estomake
korije kaye n pito
kou sa p ap pase
aaa bon l pase deja
kou sa p ap pase
fòn fè efò pou l pa pase ankò
kou sa p ap pase

[chorus](2x)
jodia yo rele l s h ayiti
yon pèp k ap mache bay 4h
kolon sa yo kanpe kinalaganach
n oblije ap fè listwa pou yo
n oblije rale liv yo
n ap mande pou fè tradwi mizik sila pou yo
pou fè konnen jan nou te ede etazini pran lendepandans

[chorus](2x)
jodia yo rele l s h ayiti
yon pèp k ap mache bay 4h
kolon sa yo kanpe kinalaganach

[verse 3]
ayisyen yo si nou estomake
sa se yon wake up call
si nou tap dòmi leve
pa gen anyen ke n te fè n pa ka refè
ayiti te perle des antilles
nou p ap vin pran move konsiy
se devwa n pou n pwoteje imaj peyi a

[chorus](2x)
jodia yo rele l s h ayiti
yon pèp k ap mache bay 4h
kolon sa yo kanpe kinalaganach


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...