lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu wellborn – malgre tou

Loading...

[ kòmansman ~ stan ]

si w ap bay, si w ap bay, si w ap bay ou avèk demi
lanmou sa p ap janm fò
imaji imaji imajine jan sa ka fini
si m pa retwouve w ankò
si tout fwa si tout fwa si tout fwa ou pa janm prè m
nòmal pou m pa santi w la
nòmal pou m plenyen wi si m pa rejwenn mwen nan ou ankò

[ refren ~ stan ]

i love you
lanmou sa ap ravaje m
m santi kè m ap rache
malgre tou
ou pa bay tout ou pou w ban m love
i love you
men se pa sa m ta vle
m ta oblije ale
kounya tou
mwen rann kont jan lanmou dwòl

[ wellborn ~ kouplè 1 ]
sa te komanse bèl nou te wè lavi n an woz
san ratman batman kè n tap ritme sou yon chanson damou an pwoz
ou te jwenn ou nan mwen e m te jwenn mwen nan ou
men nan men an souriyan n t ap vanse sou chimen lanmou
sibitman m wè w chanje san menm yon rezon valab
kòmsi m pa gen enpòtans nan je w kounya se sa ki pi di a
kisa pou m fè ankò pou w santi jan w rann mwen mizerab
ou ban m move siyal sanble gen twòp moun sou wifi a
se pa t sa nou te di se pa t sa nou te pwomèt
nou t ap fè plan ansanm pou n ka bati yon bon demen
ou te garanti m lwayote w
mwen panse w t ap ret onèt
m bouke soufri de mank ou gad tout doulè yo nan je mwen
pouki renmen enflije tout pèn sa e pouki m tris
e w te ka jere m byen m pa egzijan kèk fwa m pa mande plis
ke gade m nan je di m ou renmen m sere m fò anbrase m
men di m kote w ye lè m bezwen w lè m santi m vid lè m santi m angwase

[ refren ~ stan ]

i love you
lanmou sa ap ravaje m
m santi m kèm ap rache
malgre tou
ou pa bay tout ou pou w ban m love
i love you
men se pa sa m ta vle
m ta oblije ale
kounya tou
mwen rann kont jan lanmou dwòl

[ wellborn kouplè 2 ]

m pa ka konte konbyen pwojè konbyen pwomès ki pa kenbe
konbyen moun mwen nye pou ou san menm panse ak kama
chak jou m plenyen pou konpòtman w an esperan sa ap kaba
si love sa te real m pa t ap santi m ap etrangle
jan w aji la, se tankou n m pa t vécu anyen
m wè w fè kòmsi tout sakrifis sa yo pa vle di anyen
franchman m rayi w (sorry) se pa kè m se bouch mwen ki di l
m santi w pa vle m ankò w sèlman pa gen kran pou di l
malgre tou lanmou m pou ou stil rete enkondisyonèl
wi se petèt sa w konnen ki fè w ka jwe sou feblès mwen
se ou k koze pwoblèm yo ou menm ankò ki ka chase strès mwen
sa k pi dwòl la chak betiz ou fè fanmi w kosyone l
m pa ka konte konbyen sh~t ou fè m ni konbyen pou ou m vale
pou m byen jere relasyon sa m fè an sòt je m pou ou l vwale
m santi sa pral pran fen pa menm gen tan pou nou pale
s on vye sansasyon m pa konn si pou m rete ou pou m ale
s on vye sansasyon m pa konn si pou m rete ou pou m ale

[ refren ~ stan ]
i love you
lanmou sa ap ravaje m
m santi kè m ap rache
malgre tou
ou pa bay tout ou pou w ban m love
i love you
men se pa sa m ta vle
m ta oblije ale
kounya tou
mw rann kont jan lanmou dwòl

[ fen ~ stan ]

i love you
men se pa sa m ta vle
m ta oblije ale
kounya tou
mw rann kont jan lanmou


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...