lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu rutshelle – denye wòn

Loading...

le temps a effacé
le vent a emporté l’écho
les vagues ont roulé les sanglots jusqu’au rebords de mon hublot

sur le sable, je ne vois plus tes pas
au loin, j’entends le coup de glas
tout s’effrite, se meurt et s’en va
comme les cauchemars d’un long trépas

se dènye fwa kò m kontre kò w
se dènye bo k pou ban m remò
se dènye fwa m ap jwe ak kò w
malgre m konnen ou p ap dakò
se dènye paj nan liv istwa n
apre sa n kraz’on kite sa
dènye foto nan kamera n
aprè sa n kraz’on kite sa

se vre, m sonje lè w te konn la
sant kò w toujou fè m radabla
se vre, te tank’on fim sinema
tout zantray mwen sou lagraba

se verite (se verite)
kè m ap rache (kè m ap rache)
desten n oblije n separe
san bri san kont (san bri, san kont)
nou deparye (nou deparye)
se dènye fwa m ap rakonte w
cheri, yon dènye mo

la~la~la~la~la~la
la~la~la~la
la~la~la~la~la~la
la~la~la~la

chifon lavi efase mo
lacho dekole sou panno
koulè kraze, rèv mal douko
menm grenn digo fin kolboso
machann draje dous kokoye
k ap pase, mande m kote w ye
yo sonje n pran siwèl a de
kounyèya bout kòd la kase

se vre m sonje lè w te konn la
sant kò w toujou fè m radabla
se vre, tank’on fim sinema
tout zantray mwen sou lagraba
se verite (se verite)
kè m ap rache (kè m ap rache)
desten n oblije n separe
san bri, san kont (san bri, san kont)
nou deparye (nou depary)
se dènye fwa m ap rakonte w

c’est ma dernière chanson (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
c’est une dernière saison (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
le coeur de ma poésie (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
ma dernière mélodie (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)

lanmou bliye damou
renmen ap pèdi gou
rèv nan kè m gen degou
womans sa fin kagou (womans sa fin kagou)
lanmou pran pàn motè
renmen gen gou anmè
rèv pran chimen malè
idil sa nan mizè

se dènye fwa
p ap g’on lòt fwa
se dènye fwa
fò w pran l konsa
se dènye fwa, al’on traka! e~e~h

se dènye fwa kò m kontre kò w
se dènye bo k pou banm remò
se dènye fwa m ap jwe ak kò w
malgre m konnen ou p ap dakò
se dènye paj nan liv istwa n
apre sa n kraz’on kite sa
dènye foto nan kamera n
aprè sa n kraz’on kite sa

se verite (se verite)
kè m ap rache (kè m ap rache)
desten n oblije n separe
san bri, san kont (san bri, san kont)
nou deparye (nou deparye)
se dènye fwa m ap rakonte w

cheri, yon dènye mo (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
cheri, yon dènye mo (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
cheri, yon dènye mo (la~la~la~la~la~la)
(la~la~la~la)
cheri, yon dènye mo


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...