lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu rockfam lame a – lanmou lekòl

Loading...

[refrain by stanley georges]
premye love (3x) story
lanmou lekòl (2×)

[big jim]
mwenm menm avè w gen twòp ane n ap chita ansanm kòt a kòt
fason youn bay lòt afeksyon pèsòn pa ka di love sa twòp
kaye w se kaye m, kreyon m se kreyon w
ou fin gate m nan voye bèl ti mesaj nan akòdeyon
nou medite ansanm, nou etidye ansanm
e n gen pou n tann lè egzamen rive pou n revize ansanm
menm lè je n sou tablo men w nan men m anba ban an
oh! bondje gade yon bèl kado ou banmwen san lajan
aprè lekòl pou n al travay mat a fizik
e gen pou n fè ti koze ba w ti konsèy kou papa ak pitit
se oumenm mеnm ki fè m konn definisyon mo k rele lanmou
dеpi m genyen w bò kote mwen m pa konn sa yo rele grangou

[stanley georges]
se premye love nou
istwa nou pap janm bliye love nou
se la nou te kòmanse klas nou
se te andwa prefere n
rann pou modèl
love nou te ansenye
se premye love nou
ki tankou yon “conte de fée”
love nou
se la rèv nou kòmanse (lanmou lekòl)
se te standa prefere n(lanmou lekòl)
pou kè nou degaje
[nas]
depi nan pòt la je m tonbe nan je w ou gentan ap souri
menm lè m pat anvi rantre nan sal la rega w, gentan fè m soumi
lè m apwoche w sant pafen w fè m sanble moun ki sot pran nan foumi
mwen pa anvi lache w yon may pou m pa pran nan kouri
nan rekreyasyon ou toujou bò kote m
menm lè pou m fon ti redaksyon fòk ou vin nan panse m
se sak banm fòs pou m fè devwa m pi byen
rèv mwen, se monte avè w nan lòt klas pou lanmou n al pi lwen

[fatal]
siveye lè m sou tablo nan klas la pou m pa fè erè
lè w ap gade m jan w di m je t’aime menm pwofesè a pa ka wè
tout zanmi m ap tcheke w san reflechi se mwen w chwazi
m pa gen laj pou m konpran si se pou ou yo banm lenmi
se pa ti mizè lanmou lekòl sa pote pou mwen
jalouzi ti zanmi dèfwa konn fè m pete goumen
aprè lekòl rive lakay nan telefòn nou pale
nenpòt bri pye w tande kouri fèmen san w pa di m w ale

[stanley georges]
premye love (3×) story
premye love 3x
lanmou lekòl 3x

[dug~g]
w se camarade de classe mwen
ansanm pou nou chita pou lòt jènjan pa pran plas mwen
m pap absan ni anreta
renmen w se premye devwa ke mwen redije au propre
beze w sèl lèt orevwa la pòs livre san anvlòp
m konnen pa premye kondisip k ap ba w kout boulèt powèm
men tankou jan m vle sèl disip “le doux jésus aime”
depi se ou ki sou tablo a tout kò m gentan humide
pou m avanse se sèl pa do beby ou konnen m timid
admire w chak jou nan klas la sèl sa m gen kòm épreuve
yon ti bizou sou bouch seulement sifi kòm yon preuve
pou m ka wè w m leve chak jou m rayi konje ak grèv
si bondye pran m pou adan se ou l chwazi kòm èv
[stanley georges]


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...