lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu règleman afè popilè – plimo

Loading...

[mawon ann di]
marye mo li mo di mera moli modi
mira mari mari mare rime ra~me
malere mimire male remi rime
melimelo me li melo me li rele mele
ile ife dife bliye briye ki fè
dife l briye plizyè dizèn milye tijèn
jwenn nan fetay tèks limyè pòtay linivè
jwenn nan fèt ak èks jwi byè pòt kay vil limyè
yon lapli mo tonbe lè bouch k ap li mo twonpe
yon rap pli mo n pote plimaj chak rim yo n sonde
ekriti fotografik chak mc travay listwa
ekri ti siy kou grafik chak lè m tris bay plis jwa
lang pote mak lòt li vanse malgre riz matlòt
nan fwote ak kòb li panse mal geri ak djòb
viv bèlte règ gramè m kache eksperyans
libète lang granmè m blame ekspè syans

[refren]
gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman
pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj
sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès
tout grenn lari k ame sa genm lavi make

[mozo]
plim nou pa tranpe menm kote
se pa menm mesaj nou pote
rap politik
non, se pa menm mesaj nou pote
anpil antre nan sistèm nan
men gen kèk rapè sou kote
wi, w ap wè l si w koute n
n pap chache hit
tout peyi an pa t ap janm chante mete dife
si yo te kab yo t ap boule zèv nou
“autodafé”
isi rap te ka pwezi vre men gen twòp rapè k ap kòche kreyòl
ki atis ki ka kwochi bouch li san l pa kwochi kreyon l
yon bon rapè nèg, s on rapè k konn pale
men pi bon mc yo rete militan k konn rape
tèks yo byen travay kòmsi yo te ekri nan atelye
imaj lan sot anlè men sa l dekri a se atè l ye
pou yon kò, ki fè m toujou ap kesyone pwezi se politik
pou n met mo pa n sou lavi nou kreye yon lòt powetik
verse la fini tank on powèm, yon souri k ap efase
fèmen de je w fè kouwè m, kite dout yo efase
refren
gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman
pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj
sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès
tout grenn lari k ame sa genm lavi make
[vanessa jeudi]
nou te jire
pou n pa gade sou tiktak tan an
n ap vanse
nou n ap kreye
nou envante bèl taktik lan
n ap reziste
nou libere nou de tout tak ti klan
nou chante libète n menm lè mizik la kat ti tan
nou lite vre nou rebat kat lan
n ap bout kou mayi mi n tanmen depi n katkat
hummm lènmi jire n, sila yo k vle efase n
listwa nou rich chak mo n lage ka depase n
tankou grandèt ki ekri limanite
nou se powèt ki dekri figi reyalite nou

[refren]
gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman
pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj
sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès
tout grenn lari k ame sa genm lavi make

[mawon ardy]
plim mwen bwè dlo bòbòt grann mwen
li pa pran nan cham yo
li prè pou chame w
san pran nan cham mo
gwo tiz nan fant janm pwezi klasik
no tiz nan fant janm pwezi plastik
plim fwonte, pa pè afwonte
front man fwonte like scottie pippen
blòk pa m fann 2, vann 2 boulvic se li m pi penn
paka antre san de~man~de
règleman s on de~man~bre
siw vle f~ck, w ap de~ban~de
akontresans, nan sans 35 zile
2 3 punch, grenn senk m vin ezile
yo! show sk!llz, no kriz
pou dekri~ekri popilè
okenn pri pap fè n popilè
nou pa fokis sou teknik twòp
pou m bay bèl tèks
twòp teknik bay bèl tèks fokwis
fake yo maske, ego yo kache
yo make up pou blow up
yo ipokrit amò, wakamò
ak yon sèl frap nan kan w
m fè twaka~mò


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...