lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu règleman afè popilè – kaptif

Loading...

solèy la fenk leve
vag yo byen poze
men nan men

pa gen pi bel jou
lanati pot pou yo
men pi douvan se fènwè
pèdi tout sa k te limyè
tan ak rèv neye nan mitan lanmè
debake kwabosal
fanm nan koute 10 pyès
nonm nan koute 15 pyès
karade y ateri
touye m’bala
loupita vin pati
sou doulè chak kout frèt
chak kout frèt se salè yo
4 6 se salè yo
anndan chan kann nan
pa gen tan pou fanmi
pa gen tan pou souri
pa pa gen tan pou souvni
lavi se kounye
pase ak prezan se menm
demen se kounye
koube, pliye kò yo
fè kòmsi y aksepte sò yo
pou yo pa rive wè tout sa k sou kò yo
ti kal sa yo se refij yo
ti moso mèt la pa wè
fache men l griyen dan li
manje sistèm nan anndan li
1791

solèy ayè ki pentire kò li
jodia kankannen tout rèv li
mitan lannuit kolon vòlè diyite l
douvanjou pou tanpe lawonte sou figi l
solèy ayè ki pentire kò li jodia kankannen tout rèv li
mitan lannuit kolon vòlè diyite l
pou pwofite benyen nan sous janm li
gore s on pòt pou lanfè kwabosal nwaye souri l
chak kout frèt pote yon raj k ap mete mo sou melodi l

kò l ki kouvri
fòs li pou l fè grandi yon plant ak san l
langaj frèt la pran aksan
lè raj mèt la pran aksyon l
dwe fè pouse gwo plantasyon pou koloni pwogrese
yo batize l sou po blese bouch kolon jwi po grese
yo di l suiv viv fò l soumèt siman si mèt la ta sou nèt
li prije po l
si l mande l bwè ji je l
sousi l se sove pol li blije poli lè l mande l
pou l ka jije l li bese fon l sere pèn li anba sousi l
dosil si li l ap kòmande l ap travay depi kòk chante
raso nan do l po l mèt leve rèl libète sè l kò l chante
nan feyte memwa l li kreye lafrik non chan kann
espas libète l menm kòd nwa kolon pa ka pann
pa gen tan pou l reve chak maten l lite
chak swa laling mèt pa leve etwal souvni l yo briye
nan kriye li kreye yon lang nan lakou l òganize l
byennèt lavi l pa ret lavil hounfò l se fò li reyalize l

kongo kongo
nago nago
voye rele rara pou mwen pou mennen m ale
kongo kongo
nago nago
voye rele rara pou mwen pou mennen m ale
kongo kongo
nago nago
voye rele ginen pou mwen pou mennen m ale
mennen m ale
mennen m ale
mennen m ale
mennen m aleeeee

kolon an te g on esklav
san sousi se t on kaptif
pou blan an l pa panse
nan tèt li 2 konsyans k ap beef
pitit okenn manman
san sousi pa t gen vi prive
li se moun
sa okenn moman
l pa gen t sousi pwouve
men l pa t yon douglas frederic
li te g on pwojè politik
kase kòd, ki mare libète l n on pil atik
li koupe kann a men goch, li bay lamen a men dwat
sou plasaviv la l agoch, devan mèt la li byen dwat
li konnen byen, li pa t gen byen, si l travay byen se pou l te kenbe vi l
men mak sou po l di l s on rebèl malgre randman l sa pap jan m chanje vi l
yon swa l ap priye, lespri yo pou pwoteje l
pandan l ap kriye, madanm li vin bò kote l
li rakonte l, mèt la vle kò l chak jou l ap plede miyonnen l
men karès yo pa donte l fò l ta f on jan l anpwazonnen l
mama, sere koze w, kò w pa w, kouman yo ta fè mennen l
li bobo l, ba l randevou nan mòn epi l fèmen men l


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...