lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu règleman afè popilè (haiti) – sstop (sispann souse timachann ouvriye peyizan)

Loading...

intro (vava)
nou son ras moun
yon klas moun
k ap pot tè a sou kou n o
nou son ras moun
yon klas moun
k ap pote tout moun sou kou n (2fwa)
yo di n chante
n chante pou yo
yo di n danse
n danse pou yo
se nou ki sous lavi yo
jou n ta di n pap chante
nou pap danse
ap gen rèl kay makorèl

refren
malere tout fòs li se manchèt se pikwa, se latè
sa l pral chache nan lapriyè
si nou vle l pote kwa notrepè
lamizè pa limyè
de bra l kwaze l pap ka fè lagè
se tèt kole k solisyon pèp

verse 1 (andy)
madanm sa la
son madan sara
l ap achte pou revann son timachann
madanm sa la son madan sara
sou kamyon nwit la pran l
pa gen kabann
non, lè lamizè a foure pye l
menm nan lanmè li foure pye l
lè lameri pran foule pye l
nan tye wòb la li foure ke l
li konnen byen fò l fè lavant
lakay, timoun yo pou l plen vant
bouch li konn gou grangou nan vant
e l pa moun k ap rale sou vant
li gen yon mari sou kleren
tout jounen se souke ren
pa yon jou l mande l si l te vann
vwa pou l mande l sa l pot pou vann
sèlman depi l kanpe devan l
ki sa l wè li menm se devan l
e si mouche ta santi ronm
manzè ka pran kout sentiwon
panye l sou tèt
mizè l sou tèt
lavi pa ba l bò
men l dige ak kout bèk
li chaje dèt
li pa gen chèk
lavi pa ba l bò
men l drese l nan tèt
li pran echèk
leta ba l bèk
lavi vle ba l do
men li pa pèdi tèt
li pa gen fèt
chak jou se frèt
lavi ba l kou nan do
men manzè ret kanpe drèt
kanpe drèt

refren

verse 2 (chill)
ba jou poko menm kase
yo dèyè machin ap file
kòk la poko menm chante
senkant pyès la gentan voye
midi gentan sonnen
zafè vant yo poko regle
timachann vann yo san monnen
men se kenz jou a ya p regle
alòs se gras ak sous nou
zòt rive plen kalbas li
pwofite kondisyon nou
pou l kontinye plen tas li
pou patwon sikre tas kafe l
san ouvriye se sa ka fè l
sou tèt dwèt zegui pike l
travay la l blije kite
patwon gentan ranplase l
jounen l pa vo yon pla sèl
dlo pase l bwote twa wòch dife w
ou menm di fè w
kanpe sou batay
ak lwa « hope » si n pa di sstop
san nap seche san batay
nan venn nou l ap koule
si n pa seche, pase, file
konn se izin yo k ap kanpe
si minimòm pa ka fè n viv
travay nou pare pou n kanpe
nou pare pou n kanpe
si sou revandikasyon n
yo pare pou n kanpe
nou kanpe pou n di ase
ase

rrefren

verse 3 (ady)
fikse tèt mòn yo
ak tout sa k antoure l yo
sa k nan mitan l yo
ak tout sa k pa vle wè l yo
peyizan se la l viv
fè plasaviv li
ladann li plante viv li
pou l ka pouse vi l
nan kui l li lave vi li
sa l pa vle avili li
piye ti moso tè li
toupiti piti
leta k ap toupizi
agwolwa agwopwa k anpeche l grandi
ton sam te fin tete li
grandon k ap kòche li
men dwèt se fout sèpèt li
avè l li plante rèv li
avè l li sekle zèv li

manje pou l bay lavil
pou gwo vòlè lavil
sa k vle vòlè
manje pou l bay lavil
sa k vle vòlè lavil
marande melanje ak rèv yo
pou al nan faktori yo
sa k ap vann bò lari yo
pati pou lòtbò dlo
pa bezwen konnen si se lavi l pral chache
nan ti sendomeng l ap vin seche
tankou ti pwa l te konn abitye seche
ong k ap devye l
ak ti pwojè k pa p ede l

dialog
-talè, tale m wè n pale de timachann, ouvriye, peyizan
-wè
-ofon se menm pwoblèm yo n ap poze man
-se menm sistèm peze souse a n ap denonse nèg
-ouè! pi gwo divizyon listwa fè se ant opresè ak oprime. kidonk…

verse 4 (mozo)
si yo pot divès etikèt
se jis pou n ka teyorize
men rapò yo marande
si n pa p kategorize
se menm eksplwate yo
k jouke nan kòn eksplatè yo
timachann se peyizan
lavi manje espwa tè yo
yon ouvriye, yon ouvriyèz
se mari, madanm ti machann
e se pit-t yon peyizan
alòs menm domine yo
k reve je klè k dòmi deyò
menm reyalite yo sou chak sèn ki chanje dekò
ou toufe pwojè sosyete
k vle lonje dwèt sou ka sa yo
pou politik neoliberal
k ap met sik sou kaka yo
w pap ka anbrase kòz nou
nan tete lang ak boujwazi
pa menm bezwen pran pòz ou
pèp la wè klè kan ou chwazi
mpa nan ideoloji po
kèlkeswa koulè mask yo
n bezwen ide lojik
ki vize met fen nan doulè mas yo

refren (vava)
malere tout fòs li
se panye, se zouti, se latè
sa l pral chache nan bondye blan
dlo je l pap janm neye lavi
tout tan l gen mouchwa rezistans lan


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...