lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu opak mng – sensèman

Loading...

nwit lan long kesyon yo kenbe m kout
vid la ranpli m kò m pa gen kote pou l kenbe dout
yo te di m vi s on lekol leson yo m kenbe tout

men tèt mwem lou tèlman l pa gen kote pou l kenbe dout
le desizyon pou m fèt t ap pran pèsòn pa t envite m
donk poukisa m ta dwe rekonesan deske m vivan
anverite gen lòt moun la ki gen pi vye ke m
men sa pa on rezon valab poum renmen vi ke m ap viv lan
m pa gen okenn pasyon anndan m anyen pa eksite
mpa gen anpil regrè a part le fait ke m egziste
egzistans mwen s on rad tranpe yo tann anba lalin
m pa jwenn rezon pou m renmen vi m m jis ap fon jan pou m pa rayi l
reyalite a mazora chak jou m ap kase dan m
konbyen fwa m pran lari m espere on machin pase pran m
yo di m ke vi a pa on jwet fò m pranl o serye
m bouke chache men genlè pou mwen la pa gen anyen sere
koz lè m gad vi m mwen jodia e tout sam ye
anyen nan sa m wè la pa vrèman koresponn a tout sam vle
se vre m fè efò pou m chanje sa m ka chanje
eske g on lè sa te rive mache anfèt m pa sonje
m pat achte souf men chak jou m ap viv sou degi
andikape emosyonèl tout resanti m yo sou beki
lè m esesye goumen a fènwa limyè m fini sou kad
lè m jwenn repons a kèk kesyon se lafwa m ki fini sou kwa
chak jou m mande tèt mwen poukisa e kisa m ap fè la
si m deside ale volontèman eske sa ap fè lach
eske g on sans eske g on plan
eske e tout bon bag~y yo konsa oubyen eske s on prank
men m konprann vi an dwe gen ekilib
gen istwa k dwe kadnase pou lòt ka ekri lib
men sa pa sifi pou met kesyonman m yo an konfinman
m panse pran dwòg men m pa vle pi renmen mond l ap ofri m nan
manman m di m si m ap viv fò m remesye gran met lan
sensèman si s on dieu k ban m vi sa seryezman l mèt pran l
m pa kwè nan reziyen ni nan pito sa ke malgre sa
si m poko achte kòd pou kou m e koz kèk moun sa ka blese
alòs m kenbe pye m sou tè menm lè tèt mwen nan nyaj
menm lè chak lè m gad reflè m m gen enpresyon nanm mwem nan kaj
m konprann twòp bag~y m avwe anpil nan yo depase m
si opsyon sa te nan vi an sa fè kèk tan m tap efase m
men m vle w konprann epa plenyen m ap plenyen
mwen m se nèg k ap kanpe goumen menm lè nan mwen ap senyen
se jis ke men m lè m ta au fond m toujou samtim ap tonbe
menm lè m reyalize rèv mwen mpa santim ap
konble
m twò andomaje pou m ta konn sa bonè a ye
mèsi a moun ki brize m yo koz se pou yo lonè a ye
m padone pou m avanse sekèl yo toujou la
e simityè a k chanje fòm sèkèy yo toujou la


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...