lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu mcm powèt revòlte – gè a posib

Loading...

[intro]

mizik pa fe revolisyon li akonpanye revolisyon an
ou ka touye rebèl la men jamè rebelyon an
simen vyolans se gè w ap rekòlte
lè enjistis la flagran, powèt la dwe revòlte
mc

[kouplè 1 : mcm]

mas la lèd, se sa ki koz kaye m sal
fraz yo tap mèg anpil pou m ta vin ekri m anvi pran bal
pandan mwen fè 30 an m ap ame tèt mwen
nan je m dewoulman sistèm yo te fè m t ap file bèk mwen
wè!!
pou prepare pou konba k gen pou fèt la
depi nan rasin y atake n fè n konn anpil defèt la men nou t la n t ap pran kou n t ap aprann
isit menm si w wè w sou machin ou mèt konsidere w sou beki
nou pa pwodui ankò n pa bezwen di n vann
konnya se plis disko, mwеns yn bon lekòl se dwòg se plеzi
lavi s on konba, se sa lidè m yo te aprann mwen
aprè bondye nan syèl la m gad 2 sou kotem epi m defann mwen
se chen manje chen n ap viv, chak koukouj klere pou je w
li vin pi fasil pouw kanp on gwoup gang twòp jenn p ap bouje
si ayiti w la diferan solèy la gen pou fè w reprann koulè w
kiyès w ap tann ki pou viktim pou w konprann doulè w
vwa yon nèg n on chanm ki t ap goumen pou l soti
yon ti koulèv anba wòch kote krab k ap panse pou l grandi
pwen anlè nou t ap batay pou n mach ak fyète n
menm lonbraj nou vin pa sanble n bat pou l pa kouri kite n
wè!!
si w pozitif kote w ye a kriye viktwa
ret kwè nan batay, menm si yo ka vin pran w n on vit nwa
bò isit se sa yo fè pi byen yo konn kiyès kap jwenn jistis depi nan ginen
pi devan w ap konprann ide a m apenn kòmanse
yo ame yn pakèt ti jenn lajan ap depanse
yo aji jan yo vle, pa gen atik, pa gen lwa
si w ta chèf pou ayisyen sèlman m garanti w sa pa pouvwa
kont ènmi deyò, kiyès ki la pou pwoteje n
kiyès ki la pou kanpe pou nou lè yo vin pete je n
yo kraze lekòl, menm yon lopital pa fèt
kòb pwojè peyi a boule e san l ap pran bal nan tèt
kounya menm bebe pa epanye l temèt te fèt kounya
trayi la, mouri la, nèg yo vin pi trèt kounya
verite a pale w jwenn ou pa ta dwe mande
tout ti krab fè legim isit neg yo mache tou bande
gè a posib ide sa soti anndan tout sa n sibi
sosyete a bezwen n , n enplike n pandan n ap tann jezi vini
se pa bliye n bliye game nan te vire pou n vire tou
met gason sou ou pou w fonksyone avan kò w al nan twou
[pon : mcm]

wè! , èske se mwen?
èske se ou?
èske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fò m g on bon jile?
èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo
pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine?
jan w kanpe a se fason sa m ap wè w
m pa nan imajinasyon si w nan sistèm nan konnen m gen avè w
reyèl ,yon brav,yon anti pou sa kap bòykote
“pr” ou pran pou chay ou met sou tèt ou saw pa ka pote

tretman ke y ap ban nou isit la endinye n
nou se moun, nou pa bèt, sitwayen fò n enplike n
verite a fèt pou l bay, merite a fèt pou l jwenn
kijan nou vle pou isit kanpe si n pa janm bay bebe yo brenn
dayè yo bati echèk ban nou rete pe
lanmò papa nasyon an te fè kwè bouch nou te tepe
m bezwen lapè aprè gè a sèl fason n ka kontre
m pa nan akouche sistèm sa m plis sou avòte

[refren : mcm]

gè a posib
lontan sa si n sansib pou byennèt nou
yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
gè a posib
si gang nan machin ofisyèl
si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl
li posib
lontan sa si n sansib pou byennèt nou
yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
gè a posib
si gang nan machin ofisyèl
si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl

[kouplè 2 : mcm]

m pa vin pale fransè
koz m pa t pase an frans yè
yo mete n toutouni
2 sèl mo nou rete viv ou mouri
ansanm
m te di ede m konte s on fason pou m te chèche moun
sistèm sa bezw on anti si non n ap pèdi tout moun
peyi pa ret sa ankò, zepòl yo kase
jenn gason ake jenn fanm pa gen sa ankò lekòl yo kraze
li posib si jistis lajan w ki pou fè w wè l
si premye sitwayen yon peyi ap pale pèsòn pa ka kwè l
sa posib depi sou masak lasalin nan
masak gran ravin , kafoufèy sou bout tè desalin nan
pou ti jenn pr on aleken l ap adisyone grenn dola patnè
li posib pou w fè prizon isit menm pou sa w pa fè
absans leta peyi m nan tout karyè lavi m
e sa m ap gade sou bisantnè a la se sa m konn wè nan fim
li posib, pandan m kont yon pakèt ò lalwa
w gonfle tankou èni ou ta touye m
bondye pa bay pouvwa sa

[pon : mcm]
èske se mwen?
eske se ou?
eske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fòm g on bon jile?
malfra k ap f lalwa lavi vin 100 fwa pi anmè
e san fwa ni lwa yo fè jenerasyon m nan pran lanmè
ti sonson vòlè kabrit, koripsyon sa alamòd
e pou kat elektoral menm ti nèg menm anba kòd yo fè rès teritwa a sibi pou yon ti ponyen moun
nan chanm nan menm mè rive akouche tèlman yo manyen moun

[refren : mcm]

gè a posib
lontan sa si n sansib pou byennèt nou
yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
gè a posib
si gang nan machin ofisyèl
si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl

[outro]

èske se mwen?
èske se ou?
èske se yo k f pou m mache nan lari pòtoprens kounya fò m g on bon jile?
èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine?


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...