lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu les etincelles de l’evangile – noël sur la terre

Loading...

noël sou la tè pote la jwa
wi se yon bèl fèt
kè nou kontan

nap fete nesans jezu kri
sovè lèzôm
noël sou la tè se reveyon
bèl ab de noël, anpil kado
anpil rejwisans toupatou
anpil gete

wi, nap fete pi gran kado ke bondye ba nou
jezu kri
wi, nap fete pi gran kado ke bondye ba nou
jezu kri

yon ti pitit te fèt nan yon etab
sou tout la tè se te yon bônn nouvel

tout zanj yo te chante glwa a dye
tout glwa pou bondye ki nan syel la
maj yo bèje yo te adore
pitit bondye ya ki nan krèch la
an’n adore’l tou
nan kè nou

noël sou la tè pote espwa
pou tout sa yo ki pakab fete
se yon rekonfo pou tout moun ki atriste
noël sou la tè pote la pè
pou tout sa kap viv dan lenkyetid
la pè pou toutan
menm lè lemond boulvèse

se yon gran jou
nan syèl la yon zetwal te briye
pou lèzôm
se yon gran jou
nan syèl la yon zetwal te briye
pou lèzôm

noël se jou rejwisans limanite
se jou amou bondye te manifeste

tout zanj yo te chante glwa a dye
tout glwa pou bondye ki nan syèl la
maj yo bèje yo te adore
pitit bondye ya ki nan krèch la
an’n adore’l tou
nan kè nou

noël sou la tè pote la jwa
noël sou la tè pote espwa
nan kè nou


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...