lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu lawouze – chante latè

Loading...

[chorus 1: keb]
lespwann kòmanse chavire
depi laplèn abite
grangou nan vant miltipliye
kenskòf min sab yap fouye
timoun yo tonbe malkadi
yo pa jwenn kawòt pou manje
medam yo pran wout faktori
se la mizèn kòmanse
dèyè mòn gen mòn vle di
tankou chak tè gen bòn
chak ayisyen gen listwal ak yon pye kokoye
map chante pou moso tè kot lonbrit mwen antere

[verse 1: kawo]
bon rekòt fèm chante nan tout lang ki genyen
map wouze jaden m chan yo pasa gen plenyen
nan vant yo pa gen goumen, mwen resi konn gou menm
e lafwa m vinn nan mwen ak pwochen m sispann goumen
chalè tè ak wouze fè bwouya, ki fèm wouji
chak bon maten, bon jan lavi nan bouk bouyi
lèn makonnen lavni n pa tire owaza
menm douvan mòpyon nan pwèl sèch nou se wa
pousyè tè sispann glise sou biskèt mòn yo
gou anmè kou fyèl kite kòtòf chovi yo
bonè klere chimen n
simityè lafen fèmen
pòtay lavi pran kimen
lespwa ki tale retounen
mwen tounen poum sa biska kòm dèyè chit la
se la mwen te santi premye souf lavi a
tikit tap chante nanm mwen te jwenn bon rit la
se la mw jwenn pi bon melodi lavi a
nap chante nap danse
kite lespri zanzèt yo al repoze
zantray
nap andose koz nou, nap enpoze n

[verse 2: raj]
sa lanati bann
se sal resevwa
fò n ka jete kwa
fò n karese vwal
son latè chante bann
pran nanm nan lakou
jwenn fòs nan mapou
mwen ak ou
nou sib menm pakou
nou nan rekòt zong nou pran twofe
fò n toujou fèl
tout amoni tout nòt sispann dezose
pou bay
yon melodi do re mi fa sòl
gran gozye gran dyòl
pap janm kantone
se chak sezon latè pran chante
lavi ka bèl
son kata
yon yanvalou yon petwoooooo
non son zaka
makout nou n pote sou do
swe n ponn
son lanbi konnen
sa n anvi konnen
se sak makònen rasin ak mapou
nou tounen nan sous
nan basen an gon lobek sonnen yanvalou
gon lo pye k goute rapadou
nou tounen nan sous
de pye n sot nan yon grenn soulye
je fèmen nap tonbe danse
nou tounen nan sous
de pye n sot nan yon grenn soulye yow
je fèmen nou tonbe danse

[verse 3: antitèz]
tè a blanchi mw tounen pitit espanyòl
lè syèl mw blanchi c pou plen bòl blan panyòl
yo pa ta k konprann ki wòl yon pye mapou
nan djòl yo c pa dwèt yok t mennen kalalou
ajenndal pap gen tan pou ale nan kalennda
se la nou imòtalize lavi nou ak papa legba
yo mw pa nan kale pwa nou eta sa gras ak konkòda
ak mèt lesyèl ou mèt latè nou pa nan kòkòday
jan lemond fè frèt mw pap k soti nan zantray li
mw pap ogmante lis trèt ki fè bè yo sou zantray li
desten nou lye paske nou pataje mizè
map chante krikèm sou menm patisyon ak latè
madan sara yo ponpe lè yo aprann sa
yal poze sou tèt wobo lè yo aprann sa
kolon yo pa dekouvri sou ki gam pipirit ap chante
nou chante sou bitasyon nou kou jijiri kap pete
mal chachel nan ziltik jis pou mwen kapab rejwenn mwen
m monte tipentik jis pou m domine jadenm man
mal chachel nan ziltik jis pou mwen kapab rejwenn mwen
m monte tipentik jis pou m domine jadenm man

[chorus 2: keb]
map chante chak panye mango nan mache seradòt
map chante chak kivèt pwa man tiba rekòlte
map raple m moso plezi vant plen konn pataje
map salye kouzen zaka ki bann fòs pou n plante
fòk lapli tonbe pou timoun mòn manje bonbon
chak douvan kay peyizan gen on pye lannpanye
map chante lanmou m pou bout tè kiskeya oo oo ooo


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...