lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu kenny haiti – pyem mare

Loading...

se kenny, ou~ye, fatima

cheri, pou jan m wè w la
m ka wè w trè estresan
e m ka wè w gen yon nèg nan vi w ki vle w touye tèt ou
ki al fè konnen w pa imotèl
yon bandi konsa, fò w pè l
e m wè w la ak misye kanmenm
li kraze tout sa w te vle bati
pou jan w ye, fò w ta chanje jan l aji
ou pa ka ak yon moun k ap bat ou nan lari
m pa vle w rete, sinon w ap pedi lavi w, oh~oh~oh
pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann
mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm
pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann
men m g’on valè lanmou andan kè m k ap ret tann ou

ah~ah~ah, ah~ah~ah

oh~oh~oh, oh~oh~oh

ah~ah~ah

eh~eh~eh
oh~oh~oh, oh~oh~oh

kisa w te vle m kwè
kisa w te vle m fè
pou mwen, se li k te toujou la
si m leve, m ale, kraz’on kite sa
nan jе tout moun m ap yon engra
si l te fasil pou mwen jan w ap еsplike l la, kwè mwen
m t ap gen tan bat zèl mwen, m vole deja
se pa konnen m pa konnen jan l ap trete m lan lèd
mwen ba l pòt kè m, e li chanje kle a
pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann (se pa konnen mwen pa konnen)
mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm (si sèlman, si mwen te kapab)
pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann
men m g’on valè lanmou anndan kè m k ap ret tann ou
reyalite a p ap chanje
se vre m konnen l ap maltrete m
san li, m pa konn kiyès mwen ye
m santi kè mwen ap rache
lè m wè dlo ap koule nan je w
franchman mwen swete sa chanje


ah~ah~ah, ah~ah~ah

oh~oh~oh, oh~oh~oh

ah~ah~ah

eh~eh~eh

oh~oh~oh, oh~oh~oh


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...