lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu fantom bc – lèzòm fòkè

Loading...

listen han
dim konbyen moun kounya w konnen k ap bay vi l pou yon lòt
e konbyen moun k ap aksepte soufri grangou pou yon lòt
konbyen ayisyen k pa vle pati k vle ret patriyòt
e di m konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm bali matlòt
m vle ou di m di m si lèzòm pa fòkè
aprè 12 janvye si ayisyen pat viv an frè
yon moman kè yo anfle yo vle touye pwòch la
si w konnen ou pa peche voye premye wòch la
si viv pou ou se manje diri ak pwa
dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa
han ou pa ka vle pou pwochen w lan viv konsa
pandye 2 men l bò lari a ap mande moun dola
ou bay moun responsab sò w pandan se ou k mèt desten w
repoze espwa w sou moun paske w pa kwè nan demen
dekouraje sou premye obstak ke ou kwaze sou chimen w
di pou w ka bliye pwoblèm solisyon an se fimen w
posede pa ouvè kò ankò
yo fè rezon pòv tounen tò
goumen pa alamòd se katouch ki fè wè koulè blood
jèn fanm pa bay tan pou koze ankò se spageti ak ji
paske mizè a ap ogmante lavi a vinn pi di
jèn gason k pa gen pasyans nan kidnapin genyen k fwonte
bòs la pou l ta ba w yon djòb swa l se moun pa w oubyen l fwonte w
kòlè bondye pa fè n pè
eske n pa twouve n fòkè
n atake menm lanati paske n panse n se mèt latè
eklateeeee!
[refrain by walkens]
kilè n ap sispan jwe ak defye pouvwa bondye
nou bliye ke se li k 2 je n
nou bliye ke se li k jere n
pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè
yo di yo se bondye gad jan lèzòm fòkè
lèzòm fòkè

[verse 2]
gen peyi k la pou lagè gen peyi k la pou lapè
prezidan ki vle ede genyen tou ki eksplwatè
konba pou zam nikleyè petwòl pou kontwòl latè
toupizi sa k pi piti gad kijan lèzòm fòkè
tout kote k ka anrichi yo, yo met anpriz sou li
kreye twoub nan lòt peyi yo pou fè kwè yo se jezi
menm konnen g on dènye jou lè sa yo tout ap sezi
kite lèzòm ouvè kò yo bondye se dènye mezi
lèzòm fè sa l vle, jan l vle, lè l vle kote l vle
di sal vle, pran pòz sa l vle, pran pòz save, yo se sanzave
yo tèlman free yo fè lajan tounen bondye
kite yo, han m konnen gen yon jijman dènye
kou nan do yo toujou bay
nèg fè nèg tounen kobay
yo menm drible pwòp lonbray
yo met divizyon andan kay
vann nanm kay djab pou gen kòb
moun ki kalifye yo pa bay djòb
pou pitit papa pa gen love
rich pa pran pa avèk pòv
frè ap vyole sè, polis pou bandi jwe wòl toutè
kounya ti wouj se kidnapè, ti nèg nwè rejwen respè
legliz vin tounen biznis pastè ap travay pou l rich
ougan tounen gwo blofè frijidè vin pran plas tout krich
depi lontan n ap vyole lwa nou te touye jezi kris
m konn n ap vle klouwe m sou kwa sa pap anpeche m di plis
di m kilè n ap konpran ke se nou ki lakoz tout kriz
m konn pawò l mwen pwal fè tout sa k pa dwat yo friz
[refren]

[outro]
yeah oumenm k ap tande mizik sa m vle w poze tè kesyon
si w pa jan fè ankenn bag~y fòkè nan vi w
mwen m f anpi l
nèg pa vle wè nèg, nèg pa vle wè byen pou nèg
nèg pa vle wè nèg avanse
li pap f on pa ou pa dwe f on pa tou ou dwe rete la menm jan avè l
ap rive on epòk pandan w ap fè manje lakay ou se an kachèt w ap oblije fè l
paske vwazinaj la ka vin pran l osinon l vinn pran w lap pouse grif
lèzòm fòkè
epi m ale wi
lèzòm fòkè


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...