lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu fantom bc – depi lèw pa la

Loading...

[verse 1]
m pap mande w kijan w ye, je m ban m pa gen anfòm ke ou
se byen domaj huh ankò se pa mwen ki pran fòm kè ou
m eseye bouke chache mpa jwenn sa k ka ranplase ou
pou m nan fè nwa m pa ka wè sans te flater lanp la se ou
pou m kòmanse mwen konsyan de erè mwen te komèt yo
oui j’etais con, mpat respekte tout sa m te pwomèt yo
pou mwen ou te bon, se mwen ki te aji kou tèt cho
m te pran w tankou pon m fè travèse tout ti bèt yo
depi lèw pa nan lavi m nan zanmi m yo pa banm baz
mwen pran lòt fi pou m ka bliye w se atò m santi m raz
solèy konn leve li kouche, de je m rete kale
m reyalize se ou k souf mwen tout sa m te posede
[chorus]
ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
m konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]
[verse 2]
chalè kòw manke fèm konn nan ki tranp mwen pran
krache w m anvi bwè nan plas yon boutèy ven blan
m renmenm mwen vle w di m, konsa m tap santi m vin gran
mwen konnen pou arguman m yo ou pap twouve m konvenkan
depi lè w pa la mwen pèdi yon pati nan mwen
cherie kwèm fwa sa lanmou w nan ou pap banm li an ven
mare m nan ke wòb ou paske m pa vle w pati san mwen
si gen on match lamou se ou m vle pou patizan mwen
lè map fè lanmou ak yon lòt se non ou map lonmen
mwen te gen on ex ki se ? se chak jou nou goumen
m wè map viv m pa konn kijan, bondye sèl ki konnen
reprann nan vi w manman lavièj pou m pa pèdi nanm mwen
[rutsh~lle]
mwen jwenn ou ak fania yon premye fwa mwen te padone w
stephania ak deborah nan salon m pat abandone w
sak pi rèd la ak sèvant la nan chanm nan mwen bare w
se vre mwen anvi sa men mwen pap antre nan pitye ou
[chorus]
ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
m konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]
ou gen rezon, si w vle ou mèt pran m pou esklav ou
m pap rekomanse kwè m siw vle mare m nan pye tab ou
m ba w pawòl mwen m garanti w kounya map pran lòd ou
aprè tou m grandi ase kounya map konprann ou
absans ou fèm konnen aransò nan sewòm
e m prè tou pou mwen menm tatoure nonw sou kòm
mwen vle w tou fwa sa se tout bon se sou tout fòm
reprann chou kounya m pap koute pawòl lèzòm
[chorus]
ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
m konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...