lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu d-fi powèt revòlte – sa k ap rete m

Loading...

[kouplè 1]
nan kouri dèyè rèv mwen, m bliye reyalite m
nan kouri dèyè vi lari m bliye kote m te abite
panse viv nenpòt jan te ka fè m bliye sousi m
man ke syèl la pwoteje m pou w pa wè m k ap mouri
kè m brize, m ap chache on epòl pou apiye m
se tout dlo kòm ki sèch e pa mwen k sispann kriye
konstui d~fi ou detui rhod m pa konn sa m pi krent
priye pou m pa pèdi chimen m, vi atis se on labirent
souvni yo ap ante m, m bliye bliye
rap louvri je m, m aprann batay
m bliye pliye m
m pa bliye prensip mwen yo, te di m: pa gen valè si pa gen vis
papa pa gen plezi si pa gen risk
m bliye si ou atis se lè ou lib,m ret prizonye
coach carter pou ede lòt klere m bliye briye
m koute plenyen yo
echèk mwen se p ap mouri pòv ou pa fè hit
men desevwa moun m renmen yo

[refren] (2×)
m ap chache lapè m, ego m maltrete m
malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
m peye menm pou sa m pa t prete
m bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m

[kouplè 2]
se vre m vin gen fàn, men m pa bliye zanmi m
se vre m vin gen zam, men m pa bliye pran plim
m pa bliye nou egal, menm si m gen sèn
atis sensè, m pa gen gwoupi, m gen frè m gen sè
m satisfè e menm si m pa rantre kòb
m pa bliye gen nèg ki fè djòb sal pou m te ka vanse pwòp
lapinòk, ou pa konn sa ou ye pou mwen
m pa konn si ou ap mouri pou mwen men m konnen ou ap touye pou mwen
nou ban m sa m pa merite
m pito sowo nan lajenès ke siwòk nan kare v.i.p
pa pran m pou vedèt menm si ou wè m sou tele
m ap konnen ou se on vrè si avan d~fi ou te konn zoe~tele
m pa chanje, petèt lòt fèy men menm rasin
vanse san rankin men m p ap bliye matin
m koute plenyen yo
pi gwo desepsyon m antan k atis se pase pou atis nan je moun m renmen yo

[refren] (2×)
m ap chache lapè m, ego m maltrete m
malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
m peye menm pou sa m pa t prete
m bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m

[kouplè 3]
m gen anpil pou m ratrape
m ka bliye sa k te pouse m nan rap men m pa bliye pouki m t ap rape
jay z di m “street is watching”
reyisi pou yo fòk m gen viza, bout swag woule machin
sòt yo kontre ak lespri m
yo pa t janm kwè si on jou rap mizik t ap ban m estim
men m pèdi feeling, la raz
m bliye download beat sou youtube depi lè m gen filip ak kaz
e yo te di m, bay tout ou menm, menm si yo p ap resevwa w
reziste, ou ap mouri jou w bese vwa w
e m te batay, m pa t bliye lige
sa m pèdi yo gen plis valè ke sa m genyen yo m p ap bliye zile
se pa on vi se on konba, powèt revòlte
koz la nòb simen lanmou, menm si se èn nou rekòlte
m koute plenyen yo
feblès mwen nan batay se pa grangou, ni krent lanmò, men moun m renmen yo

[refren] (2×)
m ap chache lapè m, ego m maltrete m
malad rap, yo te di m se on album k ap trete m
m peye menm pou sa m pa t prete
m bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...