lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu d-fi powèt revòlte – melanko rim

Loading...

[intro]
nuit blanch, fèy blanch
m bese zam pou m leve plim
m pa jwenn vi m te reve a, m tonbe reve vi m

d~fi

se toujou kwonik on powèt

[verse 1]
pa mande m pouki m tris, pouki lapli ap tonbe nan kè m
pandan m ap poze sa nan lari a y ap plonbe on frè m
m plonje nan pèn enposib pou m kache mal èt mwen
pwezi kò m terapi m ap geri m a lèt mwen
m prezante m an liv ouvè li tout nan mwen
tout ti emosyon ki kache pi fon nan mwen
ou p ap jwenn anyen d extra w ap wè menm ke m sanble w
à part sa m pa di anfas m krache l lè jay sanple
m pa fò dèyè on mic m kache feblès mwen
tankou lè syèl mwen nwa m mande bondye bless mwen
m konn dekontwole
pran nan sousi sou fè m pran on boutèy sou lè m vle konsole m
emosyon m konn mèt man
bay doulè m rezon
santiman m se baz pifò zak m komèt man
onètman tout vi m prezan nan on plim
kèlke nòt sa sifi pou m akouche melankoli m
[ refren ]
m jwe vi m sou rim
lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
m pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m × 2

[verse 2]
pa mande m pouki m santi m koupab
m vle kou pac men
menm poko janm ka jistifye manman m chwa m pou rap
kòman pou m di w m doute kèlke karyè k degoute m
sa k te bon o depa men ke siksè dewoute
koute
m vle konn ki pati m loupe
jiska dat gen mo m pa di tankou m te fiasco lupe
m koube m a ironi vi a
mande pasa a kenzan m te gen talan pou m te david villa
men rèv kwaze ak reyalite ranpli mond mwen ak kochma
di eprèv m ap lite leve lè m pran kwoch pat
goch dwat m s on sòlda ne
jenerasyon 90 m ap chèche pè sou sòl dane
pa mande m pouki m konn sonbre
lè erè m ap ratrape m lè karma ap dekonstonbre m
lespwa konn kite m ase souvan
kòman pou m di w m gen lafwa m poko ka mache sou van
[ refren ]
m jwe vi m sou rim
lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
m pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m × 2

[verse 3]
pa mande m pouki m santi m pèdi
pouki je t aime nan ap ravaje kè m poutan m pè di l
konbyen moun silans mwen blese
konbyen pou m ankese pou m konprann on kè brize p ap fò ankò menm lè pyese
pouki m pè fen istwa
konbyen tris swa pou m pase avan m konprann bonè mete m sou lis nwa
on pasaj a vid se pi gwo fobi m
m pèdi nan abim lè rezon m sibi enfliyans foli m
dèfwa vyolans anpare m lè m pa satisfè ti kapris mwen
vi a voye m anlè san pare m konbyen fèy blanch konbyen paj pou m ranpli
pou m konprann sa k pi chè nan vi a san pri
lè demon m ap prije m sa terib
m pa menm ka gad tèt mwen nan glas lè konsyans mwen ap jije m
kòman pou m di w m wont reflè m
konprann mwen m ka vomi lirik janm vle sou lestomak mwen ap toujou ret flè m

[ refren ]
m jwe vi m sou rim
lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
m pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...