lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu d-fi powèt revòlte – bilan

Loading...

[kouplè 1]
m trase pwòp chimen m, m pa t jwenn oken plan wout
se la reyalite a ratrape m, se la rèv mwen bout
prizonye anndan on senfoni kouman pou m viv lib
maten m rhod aswè m d~fi m mal pou jwenn ekilib
si m fè bilan
sa m pèdi gen plis valè ke sa m genyen yon milye vè pa rive ranpli vid lan
sonje m te di w m p ap pase tout lavi m ap rape
nan rape lavi m m gen enpresyon se tout lavi m m rate
se pa t janm pou glwa ou ranpli pòch mwen
pi gwo krent mwen se wè m vin etranje pou pwòch mwen
kite m al viv pou yo, yo k te blese lè m t pran kou yo
m pa ka di yo m pile teta yo t ap pote m sou kou yo
m komansè pè, eroyin mwen ap febli
pandan m ap rape sa pèn mwen se wè figi estè k ap fè pli
sa m dwe fè pa ban m tan pou fè sa m anvi
pou pi espere distans lan rapwoche n ou ret dezyèm fanm nan vi m
ket, m toujou respekte w ras
vi m s on bòdèl tou, m tap chèch on lòt figi pou m pa gad tèt mwen nan glas
yo pa touche fanmi an, li sakre a la corleone
pasa, you’ll never walk alone
m chwazi ant sa k ap ban m like e sa k vrèman renmen m
m anvi ba yo tout sa m genyen men yo se tout sa m genyen
kisa k ap rete m ?
kidonk tankou lino m pran sa lavi a ban m m remèt sa lejand lan prete m
m te fè lè m m te viv li ak pasyon
brize, m kit on moso nan mwen menm nan chak son
lanmou k te pran bal nan kwen m nan m al jwenn li nan yon piblik
avan mizik te mwayen evazyon m kounye a m gen evazyon mizik
ant pi bèl melodi a m chanje agoni m
m pa yon nouvo popilè m se yon ansyen anonim
m pa bezwen konn sa listwa ap kenbe sou zèv mwen
mizik sove vi m, filip sove rèv mwen

[kouplè 2]
ak laj mwen, panse m rape pi kalm
rim yo sanse fè bri k on fizi fall
mas tonbe reyalite ranpe l sou figi pa l
la verite se chimen bondye li wete tout vwa l
an verite nou gen bon je sa vle di n global
mizik sove vi n, je lespri n k!ll mantal pou n pa twouve n nan falèz inyorans
chak rim s on mòso la konesans ak bon sans n aprann konnen sans konesans ki gen nan chak dans avan chak trans nan yon vi
li enposib pou w twouve bonè w nan on sèl vi
m te gem labitid wonfle pou m leve bonè m nan on chak vi
nou pa vini pou n fini nan tan
pèson p ap ka oze foure zèv nou nan tonb
sa n akonpli depase dimansyom lògèy
konprann reyalite ki tabliw nan vi se yon 3 fèy
twouve m nan rasin 3 fèy nan zantray milokan
rele m solèy milokan, sonje w se pitit solèy
kalfou batay, bitay pou n te bay street la kèk bourad avan m tounen ogou
leta k!ll manman m debou kouman w ta vle pou m pa t rebèl
pwoblem egzistansyèl p ap fè w we m nan koulè lakansyèl
ak fight la m rete reyèl, a 40 pij m stil ap spit hard pou m twouve limyè ak enèjj nan bote, bonte maji
m kouche 8 pou m karese lenfini nan bote, bonte maji
anpil di m s on echwe paske m pa posede anpil


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...