lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu d-fi powèt revòlte – bal pèdi

Loading...

repoze an pè

[kouplè]

m gen on koz, m gen on zam, m konn advèsè m
m pa mande  swiv mwen je fèmen dayè rim mwen yo pa vèsè
m pa on lidè, m se jis on nèg k ap batay
men depi w anpeche m manje, m ap anpeche w kaka
m grandi kote pou fè on non fò w dandi
pou m te wè djab ak figi zanj, m pa t bezwen li vi gandhi
m pa jwenn moun lonje men nan sa m antreprann
tout sa m gen yo pa ban m li, m mete grenn m rantre m pran l
m pa t blòd ni mafya, die~nasty te sèl banyè m
m fè tèt mwen pou kò m, m pa dwe nèg sa yo karyè m
rann fyè kèk patnè m
ki tap tann mwen briye, m te di yo pasyans si m pot ko fè bri se pat lè m
apre douzan gad tout sa m akeri
tan pou y admèt tinèg geto ouvè liv, yo pito di m dwe rap mwen a kery
èske m pwofèt nan peyi m? ( i don’t know)
m rann mwen kont m mi se tèlman m wè nèg vle keyi m
m sansib pou zèv menm jan m pou diyite m
mizik mwen ap mouri tifi si respè se vijinite
e si se bleng bleng ki pou klere m map mouri envizib
tout nèg ki nan klan m yo, gen on ashtag #envensib
non an se d~fi, kontinye pale do m laj
m ap tire sou sistèm nan nèg sa yo se domaj
kolateral on fason pou m diw m pa ret sou beef
men nenpòt nèg ki mache sou rèv mwen, map mache sou vi l
batay la pa nou kont nou, ennmi an nan mitan n
kijan pou n genyen si nèg nan ekip nou ap jwe kont nou
tisousou opresè pou privilèj
bann san karaktè
filip se stil nèg sa yo ki te touye sankara frè
mwen m ret vanyan
lajan fè nèg ranpe pase koulèv m wè sa nan luckner noël ak levayan
m fè fas ak yo pou bal kap touye m nan pa vin nan do m
di nèg la on bout bwa p ap janm tounen pwason menm si l fè vi l nan dlo
m p ap rap pou m best
men pou m touche nanm
non m se nan bouch geto a l ye l pa nan bouch près
m p ap rap pou viza rezon k fè m pa t nan ticket
so f~ck you metwonòm mwen m rap sou bri kè
te ka s’on glock m ba w
grandi castro grandi ak nèg ki pi kriyèl pase kwòk mò
mpito bòw kè m
mpa nan lojik pou makomè gwo zouzoun m pa pral bo fyèl djòl bòkyè
m rap vrè mèsi sak banm love yo
m sinik, m ap mouri pou lide m yo, pa pou lide young thug yo
m t ap gen plis kredi si m t ap rap b~tch ak bòz
se pa ak tèks kou reflè m ke m pral fè kòb a buzz
rap quaïda evazyon ap vin sou tèt on misil
kou disiz rap pa m pa konsyan rap pa m itil
m rap sa kè m di m
mizik mwen se on rafal katouch sou sistèm nan, ou jis pran on bal pèdi


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...