lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu d-fi powèt revòlte – bal mawon

Loading...

[jounalis 1]
nan yon afwontman lapolis ak bandi ki te fèt ayè swa kastwo, zòn ‘maïs gâté’ lapolis rive met lapat s ou yon bandi ke yo konnen sou non bal mawon aprè ke li te tire yon polisye
daprè enfòmasyon pòtpawòl lapoli la bay nan mikro kèk jounalis
gen lontan yo t ap chache endivi, endividi sa ki ta gen men l tranpe nan yon seri zak malònèt tankou kidnaping, asasina, kadejak ak plizyè lòt krim
an nou koute ki jan sa te pase nan mikro kolaboratè n

[bal mawon]
kou jibye, chasè gen jou pa l
m pa t di m pa koupab
men m vin konte w yon pati nan istwa m w p ap jwenn nan paj jounal
dabò, se nan mizè vis konnen
asfat la t ap poze sou do m pandan manmanm te g on kwi l t ap mande adoken
livre a nou menm
si solèy la t ap klere chimen w
mwen, l t ap boule do m
pou w siviv, ap goumen chak jou menm nan kwen lari a, m f on ti pil kou fatra k bon pou bale
pitit malerèz, vandal yo touye yo bay kò fè fimye
nou dòmi nan lapli chak nwit modi lè zetwal file
timoun se lavi, se de nou menm steeve brunache t ap pale
m te gen rèv pou m al lekòl tou
desann channmas ak papa m al bwè krèm, m te vle kale kò m tou
men inivèsite lari a, montre m volè
li pa ban m diplòm
di kèb mwen tou, m pa wè lavi nan koridò siklòn
m grandi fistre, kè m gonfle ak èn
m bouke chaje machin m sèmante yon jou m ap posede yon cayenne

[jounalis 2]
frè m, ban m di w yon bag~y kote w ye a la se pa dan kap griyen
m espere ke w ap pran tout dispozisyon pou, pou reponn kesyon n pral genyen pou poze w la a, frè m
ban m yon ti eksplikasyon non de zak w ap regle yo
e zam ki nan men w lan di m kibò ou jwenn li

[bal mawon]
laj ap monte menm jan ak anbisyon yo
m pa james bond men m genyen vi m nan akonpli misyon yo
premye a se te kraze yon biwo elektoral pou yon depite
li k te ban m premye zam mwen
vant vid pa konn sa yo rele moral
nan je, m ap gad tout sa k pa t konn ban m enpòtans
m ap chache pouvwa
m brake pou nenpòt rans
m kreye pwòp djòb mwen: kidnaping, kadejak, plizyè lòt krim
lòd yo sot anwo nèg, lis la anpil
anndan m mele èn, raj
m rann kont, m s on bandi legal lè m wè toris (zam:taurus) mwen an make pnh
se yo k kreye mons yo e se yo k ap pyeje l
mwen ak ou pa plis kon pyon
kale je w
ou panse se mwen k anpeche peyi m mache
kiyès ki jwenn avantaj nan ensekirite?
kiyès ki jwenn avantaj nan boule mache?
sousi m pa ba wa
ni minote m kou lè y ap mare chwal
men ipokrizi k nan je bouwo a
chat k ap jije chat k ap mare chat

[jounalis 2]
ou tèlman santi w alèz
kounyè a nou pran peyi a pou n fè sa n vle ladan l
nou deside kiyès dwe viv kiyès ki dwe mouri, pa vre!?
enben, frè m! se zak ou ki mete w la jounen jodi a kote w ye la
w a degaje w!

[bal mawon]
se mwen k bwè nan lari se mwen k sou
si vòlè yon pen se kriminèl e vòlè yon peyi? m ap tann repons ou
achane n sou ka m nan
men mande marth~lly, lamothe si se mwen k te vòlè kòb petrocaribe a si se mwen k te kase cam nan
se nan palman w ap jwenn vrè chimè
sa w te atann nan yon peyi kote se koripsyon ki lidè

[jounalis 2]
ey, frè m! ban m di w
ki pwoblèm ou gen ak yon jenn gason nan yon peyi tankou ayiti ki deside sakrifye vi l pou l sèvi e pwoteje…?

[bal mawon]
sèvi kiyès!? proteje kiyès!?
s’on nèg ak yon zam legal k ap arete m paske m pa gen pyès
bat mwen ak wòch
si n ap travay tout bon pouki n poko jwenn asasen jean dominique ak jacques roche?
kiyès k ap ban m jistis
pou tout sa m sibi?
an vrè, m s’on grenn bal sistèm nan tire men k pot ko jwenn sib li


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...