lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu barikad crew bc – pa koupe bwa

Loading...

refren [kondagana & dejavu]
si n ap koupe san plante bwa
tout tè k nan mòn ap degringole
pa koupe bwa
chak sa n koupe nan fòs nou k pwale
an n plante bwa
linyon fè lafòs n ap pwouve l
bwa!
fouye tou pou n plante patou, patou
mete bwa
pou tè k nan mòn pa degringole
pa koupe bwa
chak sa n koupe nan fòs nou k pwale
an n plante bwa
linyon fè lafòs n ap prouve l
bwa!
fouye tou pou n plante patou, patou
(mete bwa.)

[dejavu]

dejavu
mesaj alanasyon, n dwe koute, yon koze ki trè rijid sou bwa n ap koupe
wè, se vre debwazman an sechrès l ap koze
an n fè souple rebwazman an se fòs l ap pote
tout jèn kou vye, an n monte lan mòn n al plante
figi peyi n k ap degrade pou n al rekanpe
ak konsyans nou, dwe gen kòm randevou
pran pikwa pou n fouye trou
mach ak plant pou n met nan tout
ka g on chans pou tou egou
bwa se lavi, sikonstans pa dwe fè w koupe l frè m pou w brase lavi
si konsyans pa touche lè w fè sa, m kwè sa se lacune
si bon sans pa fè n wè malè sa m kwè n va fè la une
gen deja kòm egzanp: fon vèrèt, gonayiv
yon karans bwa te bay yon kay an nwa
yon katastròf ki fè kriye, rele koz karans lwa
pa koupe bwa, bwa pot oksijèn
pouki n ap koupe, koupe san n pa plant on fwa
refren [kondagana & dejavu]

[bricks]
voye je w nan mòn w ap wè se mazora li ye
tèlman ayisyen koupe bwa yo ak vorasite
gon lè m pa kwè n ap gen tan pou n gentan pare
priye bondye pou pa lage n nan kouri
m ap fout parye si w te plante w pa t ap pale de mouri
si nan de twa zan ou ta remen pou lanati fleri
fò w fè rebwazman si w ta renmen w g on ayiti cheri (fow fè l!)
fò w kont debwazman (men n ap mennen avan lavi n peri)
fò w fouye bwa patou, nan nenpòt tou
e sa se devwa pa w tou, e m vle fò ou ta fèl jis avan lanati peri
ayisyen jwe ak lavi n nan fè sa ki pa bon
yo jete fatra nan ravin, koupe bwa fè chabon (sa pa bon.)
lè w panse koup on bwa plante 10 pito
e w genyen kòm devwa fè l nan plis vil yo
e ou wè nan biznis yo, antre acht on fou e panse ak yon jou
si w pa gen gwo bwa djanm kanpe (ki byen du!) ki pou bare dlo (siklòn ap bare n)

pa koupe bwa
fò w bay lavi, jan lavi dous frè m
an n met lebra
pou proteje sante n pa bliye
fò n plante bwa
pou anviwonman an pa degrade
n ap koupe bwa
gen danje
refren (2x)

dejavu: pa nenpòt bwa non man. (pa koupe bwa.) plante mapou, figye (an n plante bwa.), g~yak, bon bwa. bwa k bay fwi yo (i&i). e sitou pa bliye primyo, lila… (mete bwa.) se seche yo seche dlo. e n bezwen dlo pou n bay bwa


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...