lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu barikad crew bc – nou tout ka pran

Loading...

[walkens]
pa janm konnen kòman sa pwal pase
ou ka byen cool yon bon maten w leve
kontan poutan
demen san w pa t panse ou tonbe
sof ke ou pa sispan respire
paske se sa k lanmou
ou mèt atann ou
li ka frape w byen fò jis andedan ou

[fantom]
menm jan w oryante w nan wout
rive nan mitan w wèl bout
renmen yon moun ak tout oumenm san jamè w pat gen pyès dout
rezilta ou si tèt ou fèb lavi pa ou deja kout
lanmò pap pran m young ak djab ankò
m pap vann nanm mwen
remò pap pran m pou san m se ou k t ap koule nan venn mwen
yeah! maybe pwojè w se te f~ck me up
sorry baby, zanmi m te la pou wake me up
m pap bliye w sûr, tout fwa m ta rivе jwen yon lòt
si se pou byen ou byеn on mal ke volonte bondye fèt
e pou renmen ou s on zam fal konnen ou girl te yon defèt
ou relem jalou lougawou
ou vole pi wo ke avyon
kote moral ou pou damou
an gwo ou se yon pwazon
kisa m te manke bawou
eske se love?
sak fè w fè saw fè a tou
paske m te pòv
di m sa w te gen nan tèt ou
pou w te fè m chòv
mèsi kanmenm w aprann mwen sak rele love yeah
[refrain by walkens and (katafal)]
mouri ou viv san li pa mande l sa l pi pito
(se mwen k pou di w kijan li bon pou mwen)
malgre l konnen tout sa l fè se li l vle kòm kado
(ba l tout vye blag ou vle y ap bèl pou mwen)
menm si sa ta rive yon jou pou li ta ba l do
(m prè pou sa k pase paske se ou ki tout pou mwen)
nan lanmou pou yon lòt nenpòt ka kwè w se yon fleyo
(ke devan l menm sida ak kansè poko janm anyen)

[katafal]
se pou premye fwa
m te panse jwen yon moun pa m
si w ap tande vwa m
w ap wè yon gangster ak cham
ki vin avèk rhymes, lyrics dramatik kòm zam
resevwa track sa tankou yon dènye lèt blam
blood m tap tande w
dayè m konn de kiyès ou t ap pale
sa k ap sakaje w yo m konpran se menm b.s yo k ap kale
nanm mwen g m damou e m kagou
chak fwa m sonje ki bò ki jou
mwen pran premye gou
yon santiman m pat ko konnen
(e ak kiyès tou, ti rès la)
non! pou mwen nan fanm pa janm gen rès sa m apran viv san casse~tête
lè ou renmen yon moun nenpòt ti jès li fè se yon pakèt
m pap kache w
pou li m abitye peye dèt an kachèt
mwen ak bebe sa kèt
se tankou dwèt ak gachèt
dèfwa w mande padon
pou sa w pa fè
ou menm pran baton
ou pa annafè
se pou sa map mande oh nèg ak bab la
pouki m pa kouri se vle m pa vle ou byen m pa kapab la
[refrain]

[walkens]
li te renmen w li te damou w
li te fou pou ou oh yeah
li ka toujou renmen w li ka toujou damou w
e bay tout vi l pou ou
li te renmen w li te damou w
li te fou pou ou hmmm
li ka renmen w li ka toujou damou w ohh
e bay tout vi l pou ou


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...