lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu barikad crew bc – jiskaprezan

Loading...

[tania d.]
nou gèlè bliye sin se senbòl libète pou yo
yon jenès k ap panse pou l pote on chanjman pou yo
an nou mete pye n nan dlo pou yo
pou yo sispan viv dozado

[bricks]
jiskaprezan gen moun nan prizon k nan lavi di
sa k pa ou mal jije men lajistis nan patipri
manman pitit toujou pwoblèm lekòl pa ka peye
gwo toujou ap fè piti abi dwa de lòm pa respekte
gen de bag~y, li lè pou nou konprann
nou di nou lib m still wè nou sou kont blan
ou pata di le mot changement pa egziste pou nou
nou kondane pou n ret konsa kiyès k ap di ase pou nou?
pa gen lòt moun k ap fè l
si w ap ret tann ou pap k wè l
lè a rive pou se nou k pou di n bouke
nou pi mal kon bann zo tèlman m wè y ap fin souse n
paka konpran poukisa rèv tout ti jèn s on bout viza
pwoblèm sa dwe rezoud kounya pou l pa pi mal pou nou pita
yo tout gen foli chèf deta kisa n fout fè pou peyi sa?
chita fè bèl pwomès bay moun pawòl anеstezi
sa pa ka demokrasi m plis wè l sanble on dеmagoji

[refrain]
[tania d]
jiskaprezan mantalman nou anchene
jiskaprezan nou pa konn sa ki verite
jiskaprezan anpil moun pa ka manje
jiskaprezan lajistis ap mal fonksyone
yo gèlè bliye si n se senbòl libète pou yo
yon jenès k ap panse pou l pote yon chanjman pou yo
an nou mete pye n nan dlo pou yo
pou yo sispan viv dozado
[fantom]
bat chalbarik dèyè blofè yo fo lidè ak litousou
woulibè tout souf nan tchou yo sa ki pran n pou ti joujou
an n di aba an n defan dwa nou ayiti se vi nou tou
revandike san bri san kont fò n sispan boule kawotchou
lajan k bay al sere nan djakout
fòn sispan achte chat nan makout
si n rete kou je pete klere ayiti ap pran nan laderout
pa al kwè nan 6 ke 9 paske yo tou lè 2 kwochi
sa m vle w wè peyi w ka nèf se ou k pou envesti nan li
kouri kite l di lòtbò dlo ou kwè kichòy yo miyò
vann tout avwa w sa w posede pandan nan je yo l se lò
pran kantè w riske neye menm si w rive y ap depòte w
pwòp san frè w y ap fè w peye sa ki pi chè a libète w
ou sou tè w y ap ba w presyon
pwòp enterè w y ap ba w baton
ou se esklav jiskaprezan mete pye w nan dlo pou w gen chanjman
bon tann mwen hm men jiskilè w ap kale je w
pou w fè konnen ou se granmoun pou w fout fè y aprann respekte w

[refrain]

[brital]
chak gouvènman toujou menm bag~y yo k an vòg
yo pap bannou djòb non y ap vann nou dwòg
jiskaprezan yo still gen pwoblèm ak kòd
peyi nou depann de moun poutan moun toujou grangou
yo vin sou pretèks ede moun
yo menm ankò k ap leve moun
twòp kidnapin ki fè touris yo pè
fò n stope krim sinon nou poko prè
se yo k ap piye nou se yo ki pyeje nou
yo vle devye nou yo vle dejwe nou
y ap fè tout sa anplis de sa yo divize nou
men pou ki koz lòt nasyon ap imilye nou
nan lari yo gen twòp timoun sanzabri
ayiti gen tout pwoblèm aprè lapli
m bezwen nou kwè nan tout nou se nou k demen an
rèv nou nan tèt nou pou li n pap bouke goumen an
li lè pou gen chanjman li lè pou n panse gran
[refrain]


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...