lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu barikad crew bc – ewo

Loading...

[condagana]
nou se ewo
nou se ewo
noumenm ayisyen nou pwouve n se ewo
adje wooo malgre mizè wooo
n ap kontinye goumen pou n sa rive wooo
menm lè yo blo nou, pale sou do nou
nou pap kite kolon blanchi sèvo nou
n ap pot fado nou, men n pap ajenou

[fantom]
malgre mwayen n te mèg nou te kole tèt e n te ini fòs nou
surmonter obstak evite gwo tak lavi pou n atenn but nou
yo bouke machande baz yo pa achte n koz yo pa konn pri nou
kout chapo pou sila ki ale e sa ki la yo byen jere pòs tou
pou tout degou nou jwen yo detounen n nou rеt debou menm jan
menm lè gеn peu nan noumenm ki pati k ap goumen ak tout nanm devouman
nou sot nan gwo ras nan gran lakou
yo genyen 2 fas nou wè yo
nou gen san boukman n ap modènize bwa kayiman nou se pitit vodou

[izolan]
chapo ba pou ayisyen ki respekte fyète yo
goudougoudou a fin pase yo still kenbe dignite yo
egzanp pou ti machann yo k ap goumen pou avni pitit yo
menm lè yo san zespwa yo pran tout kalite ponya
chofè k ap fè trafik yo solèy cho yo pa ka poze
madanm pitit nan kay se yo y ap tann pou chodyè monte
yo gade nou kou ewo andan geto a g on rezo
paske n kenbe tèt nou trè wo kon desalin kristòf ak petyon
[refren by condagana]
ewo
nou se ewo
noumenm ayisyen nou pwouve n se ewo
adje woo malgre mizè woo
n ap kontinye goumen pou n sa rive wo
menm lè yo blo nou pale sou do nou
nou pap kite kolon blanchi sèvo nou
n ap pot fado nou, men n pap ajenou
n ap kenbe rèd pou n rive jiskobou
yo pap ka mare nou

[bricks]
sot nan tribi wayal yo fè n pase pou esklav
yo trete n de pye sal men nan moral nou n trè brav
yon ti machan sirèt k ap leve 4 timoun
ou panse sa s on jwèt yon jèn pa jou ki pap fè 100 goud
timoun ki pwal lekòl san manje
polis k ap bay sèvis nan danje
ti jèn k ap fin lepè san puncher
atis k ap mouri pòv nan chante
timoun k ap mouri san jwen sante
[…]
li lè pou bag~y sa chanje
sa di lè w fin lekòl ou w paka à l’université
sak goumen pou antre y ap mande pitit kiyès li ye
tout sa k ap dirije w se dèyè kès yo ye
e sa k ap ba w espwa mèt kwè m se sou vitès yo ye
y ap di nou pa sivilize
yon mwayen pou yo ka plis divize
yo bliye se yo k te kolonize
ti peyi k fè byen yo maksimize
…. richès yo l ye
lakah nou sèvo k ap gaspiye
kolon blan payi nou pa pliye
men nou gran nou pap nan sipliye
[refren]

[brital]
respekte sa nou fè
moutre drapo nou klè
nou te lite pou sa nou fyè
hip hop nou pot limyè
an avan nou koupe wout
sa k te devan nou double tout
an mete kran pou n choute tout
fake nan mond lan nou pwouve nou rèd
monkonpè gade pou w wè pa gen kapasite n
fò n ouvri je nou pi klè yo pa ka rivalize l
no n pa gen dwa bliye l
gade n sonje n nou tèt frèt pou tout moun k ap takinen n
gade mo jeu de mot gade flow ki mele w depeche w n tou pale w
òganize w amize w nan gwouv nou nou reprezante w vin lage w nan sous nou


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...