lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu baky – à l’infini

Loading...

manman, si lèzòm pa vle baw jistis pou sa yo fè’w subi

fòk la nati detwi lèzòm avan lavi’w fini

istwa’w twò tris pou rakonte, yon istwa’m wont ekri

yon istwa’k a 14 ans jan lavi’w te detwi

istwa k komanse sa gen 4 mwa depi’w lè’w te viktim

wap sot lekòl non’w kamyonèt bandi brake sou ou

yo pran’w yalavè’w, yo fin dwoge’w 6 nèg pase sou ou

yo frape’w, vyole w, yo kite’w toutouni
yo kitew sèl, bo lari, yo kite’w pouw mouri

brize

wap priye pou laviw pran fin

menw jwenn kouraj pouw kontinye jiskaske’w vin konnen’w ansent

ou tèlman wont sa moun ka di ou wont di moun

a 14 ans ‘w paka paran pask’en fait son timoun kap poton timoun

laviw depann don komes ki pap fè pwofi

so w’ap fè plan pou’w retire’m paske’w pa ganyen’w ka ofrim

petèt sa’w viv yo ka denyè souvni’m

4 mwa nan vant ou, m ta vle viv menw pap kite’m so m bay istwa’n kòm yon dènye soupi

kòm suspann pale depi lè yo manyеn li

kijan pou m ba ou lavi, pandan m pa rete nan mwen
oh lanmou ou pap janm ouvè jе w isit

se pa sa m ta vle chwazi

mwen renmen w à l’infini

alors, se dènye jou’m nan vi’w dènye fwa nap pale

men’w sou vant ou wap woule, ou vle santim avanm ale

manman, sim gon denye bag~y poum diw, tankou denye kri

m tap diw kite’m viv, pa vle istwa’n fini an trajedi

m ta vle grandi poum vin ba’w tout sa’w pat genyen

si lèzòm se tout sa’w rayi, m ta vle vin tout sa’w ta renmen

m ta vle la lè’w ap tonbe m vle sèvi’w bra’k pou levew

manman plz , tanpri kite’m viv, kite’m vin edew
ou diw pa vle pou lèzòm vin fouyem non’w twou

isiba gen twop mechan, mond sa pa fèt pou moun tankou’n

petèt non’w lòt vi map bò boke’w

men’w two renmen’m pouw ta kite sou tè kriyèl sa, tè modi sa pou’m ta mete pye’m

tant sèkèy piti, w bzwen plis fòs pou’w pote’l

wap fon mal pou byen, manman’m konnen se pa volonte’w

so m padone’w nenpòt saw deside

wal jwenn doktè’k pou retirem nan vant ou tankou son pitit ki pat janm egziste

wap kriye, m santi’m rive bout mwen

nan vant oum te fin jwenn lavi, la’m pral bay dènye souf mwen

tout istwa k kòmanse gen yon jou poul fini

au revwa manman,wa konnen’m te renmen’w à l’infini


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...