lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu wid - min nan fwon

Loading...

ou gen min nan fwon w
ou sere manton w
w ap pale bouch g~ye
m pa wè sa mwen fè w
ou monte kabann
ou mete m ap tann
ou kouche an kan w nan gade
m pa ka pran
m sou pinisyon
poutan mwen inosan
ta sanble gen yon lòt moun deyò
k ap bay pwoblèm nan kay la

(m p ap travay o)
(non, m p ap travay o)
(m p ap travay pou rival)
m pa vle okenn kò etranje vin gate sa
(m p ap travay o)
(non, mp ap travay o)
non, non non non
(m p ap travay pou rival)

ou gonfle baby
“tu fais la coquine”
si w te konn jan m rayi
jan silans ou redwi m
w ap fè m pantan
fè gwo move san
m ap bay tout mwen
g on lòt ki pran plis ke mwen
m sou pinisyon
poutan mwen inosan
ta sanble gen yon lòt moun deyò a
k ap bay pwoblèm nan kay la
m p ap travay
m p ap travay o
m p ap travay

cheri, m pap travay
an ven!
wouy

(oh oo)
(oh oo)
(oh oo)
(oh oo)

ou ka leve di bonjou
men yo pa vle reponn ou
pwoblèm nan ka se pa ou
se pito rival ou
si w remakе se pa ensiste pou w pa pèdi jwèt ou
yon ti boubout akotе pran mwatye plas ou
ou pa bezwen pèdi tan nan veye veye (non)
s on vye santiman ensekirite (wi)
m wè lanmou ki fè mèvèy, fè moun pédi fèy
fè foli wooo

ou ka leve di bonjou
men yo pa vle reponn ou
pwoblèm nan ka se pa ou
se pito rival ou
si w remake se pa ensiste pou w pa pèdi jwèt ou
yon ti boubout akote pran mwatye plas ou
ou pa bezwen pèdi tan nan veye veye (non)
s on vye santiman ensekirite (wi)
m wè lanmou ki fè mèvèy, fè moun pédi fèy
fè foli wooo
oh oo
oh oo
oh oo
oh oo


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...