lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu wendyyy - m'aprann

Loading...

fò’m te rankontre’w pou kè’m te bat fò
se pa dat m’ap mande pouki bondye pat fè’w
fò’m te player pou w montre’m ke m pat fò
fò’m te gen yon ex pou m konn gen bag~y m pap fè’w
e fò’m te damou’w pou m wè m potko janm renmen
fò’w te fè’m swiv ou pou m wè m potko janm mennen
ou fè’m reyalize ke ankenn fanm pat janm renmen’m
fò n te viv ansanm pou m wè m potko janm mwen menm
kè m te gen plas pou lòt, ou fè’l vinn piti
ou fè’l vinn sansib, lòt yo te fè’l vinn pi di
ou pat kwè nan tripotay e nan lòt moun ki di
fò’m te traka pou w te fè’m vinn dydy
e depi w te bò kote’m, m pat ka pa byen
ou te fè’m chante plis lanmou ke lara fabian
e fò’m te neglije’w pou m wè jan’w chè pou mwen
fò’w pat la ankò pou m wè jan’w fè pou mwen
fò’m te deside kanpe pou m te wè m nan on kous
e fò’m t’al goute on lòt fanm pou m te wè jan’w dous
fò’w te tronpe’m pou m te kite w pou m wè se mwen k te pi kon
e fò’m t’al pran on lòt pou m wè se ou k te pi bon
men fò sa ta rive pou m te aprann tout moun ka fè erè
relasyon pa janm senp, tolerans ka fè’l meyè
petèt li te fè’m mal, men w te merite padon
moun pa m nan se mwen k pou kreye’l, se nou tout ki pa bon
m’aprann
m te avè’w, ou twonpe’m, m’al pran on lòt
m vinn renmen ak betty, li twonpe’m, m’al pran on lòt
m’al pran rebecca, li twonpe’m, m’al pran on lòt
m tonbe sou sophie, yo di’m se madan on lòt
a la fen m reyalize m’ap tounen an won
sa fè dizan m’ap renmen, m pa janm jwenn yon bon
chak lè’m ouvè kè’m, m resevwa yon plon
yo fini avè’l, yo tout sakrifye’l

si…
chak lè ou renmen ou toujou blese
sonje…
relasyon trè senp, se nou k pou jere’l
si…
ou jwenn yon moun ki vle viv, kenbe men’l
pa kite’l, pa kiteee’l

moun pa w la pa lwen, moun pa w la devan je’w la
dèfwa fò’w ka padone, fèmen je’w sou sa k deranje’w la
ap toujou gen plizye chay, ou pap pot yon sèl
moun pa w la pap janm jan’w vle’l la, li pap sot nan syèl
just aplike prensip la e w’ap wè lavi bèl
tèt ansanm jere relasyon’n, menm lè’l pa finn bèl
koz w’ap toujou kite on moun ki twonpe’w
pou w al rekomanse ak on lòt ki te ak on moun ki te kite’l paske’l pat fidèl
m te avè’w, ou twonpe’m, m’al pran on lòt
m vinn renmen ak betty, li twonpe’m, m’al pran on lòt
m’al pran rebecca, li twonpe’m, m’al pran on lòt
m tonbe sou sophie, yo di’m se madan on lòt
a la fen m reyalize m’ap tounen an won
sa fè dizan m’ap renmen, m pa janm jwenn yon bon
chak lè’m ouvè kè’m, m resevwa yon plon
yo fini avè’l, yo tout sakrifye’l


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...