lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu vanessa désiré - lè w pa la (remix)

Loading...

kote absans ou toumante m
se lè m leve mwen pa wè ou nan kay la
santi chalè kò ou manke m
se lè mwen wè mwen kouche san ou nan dra
menm si n nan telefòn tout la jounen
sa pa anpeche pou m pa sonje w
santi m ta genyen w tout la jounen
bò kote m sèlman pou m ta gade w
mwen kontan m gon moun tankou w nan vi m
ou se sèl rezon ki fè m souri
e dè fwa, mwen santi m modi
paske m pa pi pre pou m ka jwi w

(lè ou pa la) lavi m san sans baby lè w pa la
mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la)
ou manke mwen lè ou pa la
santi m toumante lè w pa la
mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la)

tankou tout moun ki renmen
ou ta vle wè ou tout tan bò kote mwen
pou chalè kò w ak chalè kò mwen fè lanmou tout jounen
pou w toujou la pou mwen
pou m tande vwa w k ap di m ou renmen mwen
sa fè m mal, chak jou w leve w pati
absans ou fè tèt mwen pati, oh oh baby
(lè ou pa la) lavi m san sans baby lè w pa la
mwen santi m san defans baby lè ou pa la (lè ou pa la)
ou manke mwen lè ou pa la
santi m toumante lè w pa la
mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la (lè ou pa la)

tèlman m santi m byen lè m avè w m paka dispoze w
paske se ak chalè kò w lanmou mwen kapab rechofe
nan je w, mwen wè bonè m
nan bra w, m pa konn doulè
tanpri baby pa ale lwen mwen

lè w pa la
baby lè w pa la
baby lè w pa la
lè w pa la
lè w pa la (pa ka manje)
baby lè w pa la (solèy pa leve)
baby lè w pa la
lè w pa la


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...