lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu tafa mi-soleil - lakou

Loading...

yon doulè ka manje w e doktè pa ka wè
men latè gen vèvenn pou tout sa ki choke w
yon rèl ka vle toufe w e fòs ou vle lache w
men w se kinanm mòn yo, rivyè yo ka sove w

nan lakou a
bwè asosi a
veye lalin plenn
pou jere koze a w

al anba mapou a
jete kafe a
take a breath
and cry to freda

ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha

m konn dlo je w sot anwo pou l teri nan pla pye w
e lafwa ou plen tach touman ake kòlè
men, lòt bò rivyè a, g on solèy k ap rele w
kot lonbrik ou tere, gen tout sa k pou fè w djanm

nan lakou a
bwè asosi a
veye lalin plenn
pou jere koze a w
al anba mapou a
jete kafe a
take a breath
and cry to your mama

ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha

pou kò a, f on beny fèy, kòmè
pou nanm ou, f on limyè, konpè
ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
adje

lakou a, soufle solèy sou fènwa mwen
soufle chimen sou baryè mwen
soufle kout ri sou doulè mwen
klere m, ou se solèy
aboudayi (hi~i~i)
bila, bila (kongo)
lè bouda fache, kote li, kote li, kote li chita? (atè)

mete pye w lòt bò dlo a
louvri je w sou lakou a
oh, lakou a, ha~ha~ha~ha, ha~ha~ha, ha~ah~ha
voye je w sou lakou a


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...