lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu richard cavé / kaï - koupab

Loading...

m te eskize m
ou di n ap kite
men avan w ale, fòk nou fè yon ti chita pale
mwen pa tankou lòt nèg k ap ba w menti
ki pral swete w ‘bonne chance’
pran pòz yo vle wè w k ap souri

paske mwen pa vle wè ou k ap pase
avèk yon lòt k ap trete w pi byen pase m
paske mwen pa vle wè ou k ap pase
avèk yon lòt k ap renmen w pi plis pase m
ou pa reyalize tout sakrifis mwen fè pou ou

mwen di w se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa ban m chay pote
m sèmante se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa ban m chay pote
sе ou ki koupab

cheri, ou koupab, demanti m si w kapab
demanti m si w kapab

m pa mandе pou ban m lò ak dyaman, baby
ni pou ban m lajan, byen ke l enpòtan
ou maltrete m, ou imilye m
ou pyetine pwòp diyite mwen
s on kout wòch ou lage nan kè m, baby
men si w pa pran men w, w ap wè m k ap pase
avèk yon lòt k ap trete m pi byen pase w
men si w pa pran men w, menm lombraj ou ap ekate w
e m p ap pran tan nan vi m pou mwen ranplase w
cheri, ou ban m pwoblèm, gad jan w kraze kè m

se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa banm chay pote
m sèmante se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa ban m chay pote
se ou ki koupab

cheri, ou wè la, depi w kite m plonje
fò w kite m naje

manman!
tonnè kraze! pa gen tankou yon el, el chapo
by the way, nou konn kiyès ki la
bé~bé~bédjine!

pouki m ap soufri?
di m pouki m ap soufri
pouki m ap soufri?
oh, be! se tank on penitans
mwen mare ak yon lanmou
men se yon delivrans
lè w jwen yon moun konprann ou
li pa bon, li pa bon
li pa bon, deyò a pa bon
li pa bon, li pa bon
li pa bon, deyò a pa bon

se tank on penitans
mwen mare ak yon lanmou
men se yon delivrans
lè w jwen yon moun konprann ou
li pa bon, li pa bon
li pa bon, deyò a pa bon
li pa bon, li pa bon

babe!
kai li ye, tonton!

pouki m ap soufri?
di m pouki m ap soufri
pouki m ap soufri? oh, baby
pouki m ap soufri?

se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa banm chay pote
m sèmante se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa ban m chay pote
se ou ki koupab
ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
ou pa gen dwa banm chay pote


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...