lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu mikaben & kdilak – se sistem nan ki blo

Loading...

it’s your boy mikaben yo
ayisyen li lè li tan pou n lonje dwèt sou vrè pwoblèm yo
se sistèm nan ki blo li lè pou n pran konsyans

ref
se sistèm nan ki blo
se pa ou menm ki blo
se pa mwen menm ki blo
politisyen n yo ki blo
pa moun anwo ki blo se pa moun anba ki blo
men se sistèm nan ki blo dirijan n yo ki blo
konst-tisyon n nan ki blo otorite n yo ki blo

se vre dèfwa m rete m aji tank on rebèl
se vre gen moun k ap di m pale twòp verite
si nou wè m konsa s on bag-y natirèl
peyi m nan fè tout moun gen lespri ajite
ann chita f on -n-liz konjontirèl
pou n wè kote n kanpe pou n wè kot sa prale
pou dat dosye sa yo rete konfidansyèl
jodya n vin dekri n lareyalite

ref
se sistèm nan ki blo
se pa ou menm ki blo
se pa mwen menm ki blo
politisyen n yo ki blo
pa moun anwo ki blo se pa moun anba ki blo
men se sistèm nan ki blo dirijan n yo ki blo
konst-tisyon n nan ki blo otorite n yo ki blo
kadilak]
se sistèm nan ki blo vre se li ki fè n peyi n bloke
mantalite frè m yo danpe
nou di n endepandan men nous till soudevlope
pwoblèm kouran pwoblèm sante
pwoblèm lekòl pwoblèm manje
avni jenès la an danje
pa wè anwo pa wè anba
an nou f on ti pale bidjè nasyonal
m pap envante anyen men tout chif yo deyò
èske lè n reflechi nou twouve sa nòmal
pèp la ap mouri grangou nèg sa yo ap manje lò
nou pa vle pran konsyans nou toujou ap aji mal
yap gagote lajan leta tribòbabò
jodi a je n kale bag-y sa ilegal
sistèm nan fin souse n nou pa kapab ankò
ref
se sistèm nan ki blo
se pa ou menm ki blo
se pa mwen menm ki blo
politisyen n yo ki blo
pa moun anwo ki blo se pa moun anba ki blo
men se sistèm nan ki blo dirijan n yo ki blo
konst-tisyon n nan ki blo otorite n yo ki blo

nou toujou ap tann lamàn k ap soti nan syèl
nou pa janm prè pou pran responsabilite n
sistèm nan tèlman rann nou emosyonèl
ti krik ti krak ou tande n gentan derape
dosye yo nan lari a se sa k pi bèl la
men nou pran pòz pa wè yo n pito pa pale
ipokrizi lachte se sa n gen kòm modèl
kache dèyè twitter pou nou voye monte
ref
se sistèm nan ki blo
se pa ou menm ki blo
se pa mwen menm ki blo
politisyen n yo ki blo
pa moun anwo ki blo se pa moun anba ki blo
men se sistèm nan ki blo dirijan n yo ki blo
konst-tisyon n nan ki blo otorite n yo ki blo

cho kenbe tèt frèt
kenbe peyi n nan kè nou
anpil lanmou anpil limyè, anpil pozitivite
pepi n fe sa anpil bag-y ka chanje
sepandan fò n pa pè di verite
se verite sèlman k ka libere nou
nou pa vin la pou n lonje dwèt sou youn lòt
nou vin la pou n ede peyi a avanse
one love


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...