lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu mcm powèt revòlte – pakou m

Loading...

[kouplè inik]

m fèt okap , m leve nan lakou dèlma
se te twopikana, jack sauveur jean ak gracias delva
m te konn tande nan lakou kay mwen koz rap patko ka antre
se te septan , se te lawoz , stil pa m patko ka antre
m te fè premye record mwen sou kasèt ak kilo 2002
nou t ap frape ansanm men nou patko gen yon vrè ide
m te lekol kay frè cancoule ebeya kounya k leselye
se te nan mòn laza kay deep~mind m te tou konn repete
pack show se te premye gwoup rap nou k te fèt an triyo
vire banlye ocho aprè 2 3 zan n wet entwi yo
len te konn ap ekri pou lòt koz nou te vle vanse ansanm
e si n te vrè patriyòt fòk nou te ka panse ansanm
2007 m te f on lòt chimen
pou m te f fàn rap panche men
m te wè game nan ak lòt figi
m te wè neg yo ak lòt fizi
m te wè yo te komanse voye wòch ak bouch yo
rap real m te wè neg yo tap bay kòb pou bouche w
2010 m pa gen dwa janm bliye tout sa k te pase
moman k te chifonnen lespri mwen p ap janm pa repase
malgre sa nèg yo kanpe nan lwès se nò y ap j~pe
nèg nò pa pe
yo replike
rap sal yo aplike
2013 m pa t konprann jwèt la tèlman neg yo fè voksal
tèlman yo tap di mo k sal
joure nan tout ti freestyle
yo te fè game nan lèd ak fraz
nèg yo te pran kitèks yo te bay fanm pote baz
mwens devan yon pakèt nèg yo di yo pozitif
yo fè rap mèg baratine lèd yo pa aktif
drapo chanjman rete nan pòch yo,sa pa janm pran van
pou flote anlè e fè wè ake tout ti pantan
nèg yo fè rap ba,rap baba yo tout vle grad
yo fè rap ta, rap tafya yo tout vle bad
sa k di l sot okay ,sa k sot leyogàn, sa k sot mibalè
sa k di depi jakmèl li menm lap lage 100000 alè
sa k di l pa gen anfas pandan l pral fè repons li talè
nèg yo varye, tèlman y ap batay pou yo mc palè
péguy, jam 2014 te fè rap pròpte
jan neg y ap dewoule w a ta di yo tout te malpwòpte
yo pran pòz bliye lepase ,pou kouwòne prezan
respè pou sa k pase devan lanmò k pèdi rezon
m p ap di way ankò,e m p ap kite santiman mennen m
m realize m pa selibatè rap deja pran menm
tout moun pa fèt pou rap,men rap fèt pou nou tout tande
alèkile yo fè tout sektè zorèy sal bande
m rape pou bò nò,m rape pou bò sud, m rape pou lès ,lwès m rape menm pou ba ou tèt mwen
m kwaze powèt yo, dlo pete nan dezè a
sou revolisyon ak pawòl nou te vin anonse gè a
sakrifis ki t ap fèt
grès kochon an k t ap kwit tèt li
zwazo a te twò kwè nan vole li pa t swiv bèk li
yo mete w devan pou wè do w lè w prale
m prè pou m vwayaje menm poko prè pou m al san pale
si m g on lòt mesaj, m va bay foumi ba ou l
l ap wè avè m e l ap wè avè w san kostime san kagoul
frè m goumen pou panse w pa g on lòt men
batay e nan figiw pa met on lòt nen
kolòn vètebral ou dwe dwat pa met lòk ren
pa w se pa w chen an te di w , ” pa gad lòt pen ”

[ outro]

gè a posib si w touche
sa k vle soti sistèm nan bouche
sa k anba raje k prèt pou akouche
prizonye e mawon politik k ap dòmi k pa kouche [ × 2 ]

yè pa gen mo
pa gen fraz
pou m eksplike lanmou m pou ou
jèta!


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...