lirik lagu malcolm ayiti - underground(degi)
nan tèt mwen m g on milyon mo, yo youn ap mache sou lòt
m ap chèche k~n~lize m, sou yon pòte, m ap mache sou nòt
mizik, se sèl sa k banm asiz pou m danse sou lòd sosyal yo
m s on finanbil, m ap emèveye n avan n pann mwen ak kòd moral yo
mwen m pa bezwen vante tèt yo pa konn soufle sou boukan
m pa p nan trivyalite e menmsi sa fè kèk emcee douvan
mwen m pito kenbe djougan, lavi ap frape ap ankese
m underground, men lè pou m fè n peye a, m ap ankese
m pa on goat, m se « rookie » hip~hop t ap tann nan
m ap penn lavi m, f~ck sa k t ap di m rap sa pa p vann nan
atizay lan timeless, m lwen tout lojik konsimeris
m lwen matris yo a, yo ~n~lize m sе kòmsi m t on risk
m pa modèl rapè k ap klewonnen m fò chak lè m pale
tankou frè m, m viv tèt mwеn tankou on militan k ap rape
se pa mwen k dezòd, se lòd diskou m yo k kont lòd etabli
si gen pou youn gen pou tout, sa se prensip lavi m
regrè m se te kwè sa m tande nan yon sèl vèsyon istwa k rakonte
malè m se t ap krache sou on frè lontan m te ka konte
kouri deyè glwa s on bagay ki pa t janm nan tèt mwen
kouwòn y ap goumen pou li a s on bag ki te nan dwèt mwen
se pa menm flow, se pa menm rim, se pa menm sk!llz yo m rap rèd, san autotune, m pa emcee studio
m krache dife sou trak, se paske lavi m s on lanfè
m soulaje kè m sou sèn, mwen paradi m s on konsè
m pran konsèy, men m kanmèm suiv tout sa m te prevwa
chak yo di m pa tandans, m reponn tandans pa pouvwa
lajan paka vo kilti a, met tout bagay nan plas yo
sinon n kase elan revandikasyon batay mas yo
nou pa p wè endistri an menmjan se paske n pa nan menm plas
nou pa p rape menmjan, nou pa t janm t ap defann menm klas
pa gen rap san pozisyon n~gga, epa kamasutra
nou manje tèt kana a, men kounya se fatra k sou tab
donk, finalman m rete lwen n, m jwenn refij mwen n on abis
m te defini liy mwen, m pa la pou m satisfè kapris
atè a pyeje, “game” yo a chaje ak vis
m vin an emcee kote y ap chache aktris
notoryete isit egal ak kalite traklis
lespri marc dorcel fè tèt li pase pou gwo atis
konsomasyon masif pa itil si se tèt nou n ap bif
mwen m ka pa fè gwo chif
men m pap rap pou plezi chèf
m vle pwovoke revèy la
m pa p atache m ak on rolex
m sal paj, kriye nan bouf
m ap krache zo tèks
m vini m chanje anbyans
m mete sa k koute an trans
street boom~bap sèl tandans
on lis sakrifis m pa p bay chans
m fè sa ak elegans
m s on emcee ak elokans
teknik lan rijid, pa vin eseye m nan diss track
m pap goumen pou m an avans
koute m w ap wè sa fè sans
pou m eksede ekselans lan mw soti on ep dis trak, n~gga
f~ck tha sh~t !
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu ljubo lučev - naprijed, čvoristi
- lirik lagu nadia sheikh - the start of december
- lirik lagu blokovski - sedmi dan
- lirik lagu mr. strange - clones
- lirik lagu jollo - марионетка (puppet)
- lirik lagu bigshmouk & jay.b (rus) - fuck hoe$
- lirik lagu young revenue - side steppa
- lirik lagu ioana ignat - stele
- lirik lagu will stewart - still around
- lirik lagu die so fluid - no more stars