lirik lagu malcolm ayiti - m se malcolm
m s on emcee k sot nan limyè ak yon kote sonb
m s on liv ouvè. si w pa konnen m swa w pa konn li, swa w poko koute s on m
m s on grenn ki pèdi nan peyizaj la
pitit on malerèz k ap kesyone l sou sa k eritaj la
mwen m pa antre nan ran, m te toujou ap mache dwat
m pa g on pil klan koz depi gen lajan trèt ap fè madebat
m ap debat depi kèk tan
kèk tan m ap konstwi kèk plan
reyisit mwen pa pi sèten ke m ka fini nan kat fèy planch
prejidis yo sovaj men m te toujou kanpe tennfas
“grimo chode, santi ravèt” mwen ak moun k ap di m sa n sot nan menm ras
m pa konn si m plis pèleren, nomad, ni menm sou on wout
m pa gen sètitid, m jis ap batay jouktan souf mwen bout
m s on powèt kole pyese, m ap viv nan pote kole
sa se pa kopye kole, m se negasyon tout sa m te vle ye
reyalite m nan kontraste, vini la w ka konstate l
se dram ki kouvri tout vi m, toujou on bit k ap nouri m
m se malcolm
yon emcee lavi redui an mil moso
yon nèg k ap chèche yon wout ki pèdi l anndan kèk grenn mo
m se malcolm
yon moun k ap viv nan kontradiksyon l
ki plen demon, men k te pito pran mizik kòm sèl adiksyon l
rele m malcolm
on nèg ki plen rèv k ap dòmi anndan l
k ap kase dan l pou l reyisi pou l ka fè fyète manman l
rele m malcolm
on gran frè k ap efòse l pou l vo tit sa
on gwo lespri nan on ti kò, konsa m prezante m sou bit sa
m se moun tout moun malgre gen trèt, se tandans geto a k gate m
m kont lòd san byennèt. etranj, lè n di m gade sa k gade m
pòtay banm kèk règ, se gras ak sa m ap trase wout mwen
manman m banm lanmou ak sans pataj e sa m pa p sispann simen
kot n ap met mòtè m ap panse kè m
se nan rap mwen m ap pot sekrè m
ou ka panse m blèm
nan pwezi m m trenn on dal pwoblèm
m chaje mank, men se pou sa m dwe bay plis tou
ti frè m dwe fyè, e se pou sa tou m g on lòt diskou
prekarite ak mwen, nan on konba fas a fas
mèsi kamarad ki banm solidarite kòm karapas
m pa janm panse m konnen, ou pa p wè m ap fè gwo tèt
m modès, enpafè. men m s on malere onèt
m nan advèsite a m ap “fight”, m pa kwè nan vèsè
m ka konte sou kèk frè, e m ka mouri pou kèk sè
m redefini m nan on spiral, nan goumen pou m rete moun
m “spit” sa m ye san atifis
sylvester, malcolm fè youn
m se malcolm
yon emcee lavi redui an mil moso
yon nèg k ap chèche yon wout ki pèdi l anndan kèk grenn mo
m se malcolm
yon moun k ap viv nan kontradiksyon l
ki plen demon, men k te pito pran mizik kòm sèl adiksyon l
rele m malcolm
on nèg ki plen rèv k ap dòmi anndan l
k ap kase dan l pou l reyisi pou l ka fè fyète manman l
rele m malcolm
on gran frè k ap efòse l pou l vo tit sa
on gwo lespri nan on ti kò, konsa m prezante m sou bit sa
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu carlos alcázar taehyung - wolf protocol
- lirik lagu aimah - rantya
- lirik lagu your stepdad - gram
- lirik lagu tito "el bambino", arcángel, wisin, hanzel la h & fronti - la gerencia
- lirik lagu damski ♱ (@hateyato) - rubino grande
- lirik lagu kira karmine - xenoklaus (punkhristmas 8-bit eppi mutation)
- lirik lagu whadapop - nicole
- lirik lagu kanteva - забуду (i'll forget)
- lirik lagu niklas dee - heal me
- lirik lagu akiracxd & whoopie pie - summer vibes