lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu malada - bezwen

Loading...

m ekri san tit
jis pou libere m
m te bezw on bit
poukò m
m pa t bezwen fit
sou metwonòm nan
kè m se bip bip
sh~t
m te bezwen l vit vit
kwè m
m te bezwen l vit
pou m dechaje tèt mwen
m te bezwen l vit vit

~ i
pou m t ekri tèks sa
m t antre pi fon nan mwen
m te vle l koule pi swa
m t anvi vide nanm mwen
kèk rim mwatye plen
m oblije pote nan ren
yon bò vid ak mo
sa ki ka pase nan nen
yes m ap grandi
plis m ap zanmi
mwens m ap rejwi
plis m ap vyeyi

m aprann love tou di respè
fòk rapò miwo miba
tout byеn yo ret nan kè m
menm sa k fèt nan anonima
m grandi ak prensip
tankou m fèt n on kan militè
lè lavi tеke pye m
m rekanpe kou militao
sa koute m egzistans mwen
pou m konstw on inivè

kòm wè m egzijans
m fè zafè m
m pa menm gade yo
chak jou se sakrifis
petèt pou kèk li pa anyen
kòm trak sa plis k on mizik
emosyon m vle w ka manyen
m ap pote lavi sou do
se pito bit m fè plenyen
so zafè sa k ap yenyen
sa m ka bay
se sa m genyen

~ii
m san regrè
men tou
chak jou m ap rannkont
ke m
dwe evite kèk grenn rankont
pou n pa nan kont
m tire leson
m pran nòt
m konprann

m ap toujou ret sosyab
men m ap toujou konn ran m
m deja nan kan m
donk m ap toujou pran tan m
chak trak yon egzèsis
tank m ap rap m pran manm
nan wout mwen m sou kote
so pa gen jan pou bòykote m
pito m gran yon ti kote

ke m ret tou zwit yon gwo kote
yeah mwen
m ap ret mwen menm
tèt frèt m sou chimen m
se kè m ki sekrè m
m p ap swiv foul
pa lapèn
demach la s on rityèl
paske mizik mistik
pa jis pratik atistik
li konble vid pi vit
m renmen siy pozitif
men m p ap konfonn li ak kwa
pou legliz m t ap yon kaptif
men m jwenn hip hop echapatwa m
peyi m transfòme moun
pi rèd k on laboratwa
leta gang boujwa
yo f on kolabo a 3

m ekri san tit
jis pou libere m
m te bezw on bit
poukò m
m pa t bezwen fit
sou metwonòm nan
kè m se bip bip
sh~t
m te bezwen l vit vit
kwè m
m te bezwen l vit
pou m dechaje tèt mwen
m te bezwen l vit vit


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...