lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu klass – nou se ayisyen

Loading...

se nan solèy la mwen benyen
lè mwen leve lè maten
nan lawouze m badijonnen
mwen fyè ke m se ayisyen

rasin mwen plante an afrik
yo te mennen ladan kou tibourik
men zansèt mwen te lite
pou banm libète ak fyète

frè m ak sè m pinga n reziye n
an nou chèche konn kisa k bloke n
se vre chenn lan te soti nan pye n
men nou toujou esklav nan panse n

pran almanak ann chèch’on dat
nou bezwen yon lòt milwisankat
zansèt nou yo te fè li deja
li nesesè pou n refè l jodi a!

yo kolonize n plizyè fwa
sou yo nou toujou jwenn viktwa
nou se yon pèp ki gen listwa
nou se yon pakèt grenn ak bwa

lè pit-t mwen mande m papa
kiyès mwen ye? mwen gade li nan je
ak ponyet mwen konsantre
mwen di l, “cherie se ayisyen w ye!”

frè m ak sè m pinga n reziye n!
an nou chèche konn kisa k bloke n!
se vre chenn lan te soti nan pye n
men nou toujou esklav nan panse n

pran almanak ann chèch’on dat!
nou bezwen yon lòt milwisankat!
zansèt nou yo te fè li deja!
li nesesè pou n refè l jodi a!

ayisyen!
nou se yon sel ras
yon sel kl-ss!
sa nou ye?
nou se fanmi!
se sa wi!

yo kolonize nou plizye fwa
boure sèvo n ak fatra
fè n dezakòde!
sa fè nou diveze!

men pi vit nou rive aksepte sa
se pi vit nou pral ka chanje sa
ann ale!

toujou toujou sonje!

♫ ♪nou se ayisyen!
se sa nou ye!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

nou pa vle sa chanje!

♫ ♪nou se ayisyen!
sa pap chanje!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

si yo kolonize nou plizye fwa
boure sèvo n ak fatra
pou n dezakòde!
sa fè nou diveje!

men pi vit nou rive aksepte sa
se pi vit nou pral ka chanje sa
ann ale!

toujou toujou sonje!

♫ ♪nou se ayisyen!
se sa nou ye!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

nou pa vle sa chanje!

♫ ♪nou se ayisyen!
sa pap chanje!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl!

yon sel ras mezanmi!
yon sel kl-ss!
sa nou ye?
nou se fanmi!
kl-ss it is baby!

se fyète nou!
chante! chante!

♫ ♪nou se ayisyen!
se sa nou ye!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

♫ ♪nou se ayisyen!
sa pap chanje!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫

♫ ♪nou se ayisyen!
se sa nou ye!
nou fyè nou se ayisyen!♪ ♫


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...