
lirik lagu kath - chante
Loading...
verse
yon pèp ki renmen bèl mizik
yon pèp ki renmen melodi tou
lavi a yo se do re mi
yon pèp lè l ap chante l pa p jwe tou
li chante nan rara
li chante nan mera
li chante pou l montre l revolte
lè l santi l imiliye, li chante
lè l santi do l peze, li chante
lè l pa ka sipote, li chante
pou l pa mouri toufe tou
li chante larivyè
li chante nan mache
li chante lè lavi l an danje
coda
gede nibo souple
fouye twou moun sa yo pou mwen (2~)
peyi a pa kapab soufri ankò
danmbala di l fini avèk moun sa yo
bawon rele l ap tann yo anmwey
andezo di l pa p trete moun sa yo
moman rive gede nibo pou n remèt bawon moun sa yo
moman an rive, brav gede, pou moun sa yo sispann bay pèp la manti
nou chante (~)
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu bob wills & the texas playboys - the devil ain't lazy
- lirik lagu 2190 - adriel!
- lirik lagu eve in music - ничего нового =) (nothing new)
- lirik lagu under dog (jpn) - lady killer cocktail (under dog ver.)
- lirik lagu airbag (arg) - especial 56
- lirik lagu luke haines - saturday afternoon
- lirik lagu rithxn - feedback
- lirik lagu sevenkills - atm ft. nnbrat
- lirik lagu frameless (uk) - vathek
- lirik lagu diagens - дерьмо (shit)