![lirik.web.id](https://lirik.web.id/tema/logo.png)
lirik lagu john steve brunache - se kiyès
gen lontan n’ap cheche yon lwa
yon sèl lwa pou’n fè yon nansyon
gen lontan n’ap bouske yon yon lwa
lwa mantal ki pou di fyète nou
diyite pou tout frè nou yo
diyite pou tout yon nasyon
yon nasyon menm aspirasyon
menm deviz, menm kwayans
nèg sa yo rele’l peyizan
nèg sa yo rele’l poletè
nèg sa yo menm se gran nèg
nou tout se menm zanfan yo
pit-t mesye vetyè yo
nèg yo ka vanse la (bis)
si yo bliye ipokrizi
si yo vle detwi jalouzi
pou yo konstwi yon peyi
bati yon nasyon,
sou chimen devlopman
yon peyi k’ap lite
yon peyi k’ap chante
yon peyi k’ap mache, chèche verite (bis)
men se kiyès ki konn chimen an
ki va di nou, ki kote nou prale
men se kiyès, ki gen flambo a
k’ap klere chimen an, pou’n pa tonbeee
tan rive pou demokrasi
manman’w chanje konst-tisyon an
gen sa yo menm ki adopte li
gen sa yo menm ki voye’l jete
genyen lot yo, ki pran’l yo bafre li
mesye yo preche l’union
men kè yo gen trop vye pasyon
nèg yo vle lwa pou jistis
anpil nan yo se anachis
yon peyi k’ap lite
yon peyi k’ap chante
yon peyi k’ap mache, chèche verite (bis)
men se kiyès ki konn chimen an
ki va di nou, ki kote nou prale
men se kiyès, ki gen flambo a
k’ap klere chimen an, pou’n pa tonbeee
nèg yo ka vanse la (bis)
si yo bliye ipokrizi
nèg yo ka vanse la
si yo vle detwi jalouzi
nèg yo ka vanse la
pou yo konstwi yon peyi
bati yon nasyon,
sou chimen devlopman
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu open heaven - live
- lirik lagu magic machine - letters in the wood
- lirik lagu gradur feat. sheguey squad - squad
- lirik lagu sia - one million bullets
- lirik lagu cantoparabailar - a festinha
- lirik lagu the dumplings - dark side
- lirik lagu conner youngblood - the birds of finland
- lirik lagu fehérvári gábor alfréd - neked nem kell
- lirik lagu thiago ramil - desculpa
- lirik lagu original (german) cast of "tanz der vampire" - he, ho professor