lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ja-m enigmatiq – lonbraj lalin

Loading...

[kouplè 1]
pi gwo fyète m’ gen de tèt mwen se deske m’
lonbray solèy loup
kont yon sistèm m’ reveye sak gen somèy lou
rap pèdi souf depi lè pwezi n’ pot dèy li
n’reveye l’nan mond mistè jan n’ te pwomèt li
aprè rapè fin fouye tou y’antere l’ la
ki wè pa gen enterè pou n’ nan bere l’ la
k’pito swiv kouran média,ki pran rap pou
bouyon bega
hip hop se vwa n’,se dwa n’,se lwa n’
rap la pasgaj,pasaj
relem’ perispri,ki nanm sak péri isi
boum bap ki nanm peristil la,dexter isi péri stil la
men m’ pa dekouraje se pa sak pa vle m’
pase k’banm talan
map mouri pòv pou sila yo tan pou rap mw
ta banm lajan
se kòm k’andan lespri m’ se sak fè
aparans mw twonpe w’
padone frekansite m’ si mistè nan
pwezi m’ sonde w’
klasik,taktik,matiq,majik,chak rim,m’bati
rezon k’fè nap ret lonbray lalin nan lavi avi a wi

[kouplè 2]
m pa pè paske m diferan, gen mwen, gen lòt yo
konba m yo twò vrè, nan on game ki twò fo
m pa twò fò, m se jis on enkonpri
pa rele m rapè konsyan, chak konsyans gen on pri
kreye on bondje pou eksplike ou sa ou pa konprann se esans imen an
syèl la pa limit, se jis chimen an
m se sous limyè a, sou lòt yo m reflete
gen sa k wè lè siksè m rive, mwen m wè se lè pou m retrete
m pa règ la, m se on eksepsyon
m sensè, kòman pou m ba ou track trip pandan m ap tete lang ak depresyon m
m fè klasik nan dekri on vi lèd
m geri kèk mizik sove vi m, mizik mwen sove vi nèg
m pa nimewo 1 men m inik
brize chenn yo, yo tout ap kouri dèyè glwa
mwen m ap kouri dèyè viv lib
plim mwen plenn ak lalin pou l akouche l p ap tann 9 mwa
m se lonbray li, m briye lè moun k ap koute m yo nan fè nwa


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...