lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ekip - viktim

Loading...

pa met nan tèt ou m pral fè kòlè
ni pou m mande mal pou ou
pa gen rezon pou mwen gen remò si m pa antò
m santi’m bouke, mwen bouke ankese
se pandan w’ap byen pase
w’ap jwe wòl inosan w
m pap ensiste si desten ki vle
mwen oblije aksepte
m pap mande w negosye

ou kraze kè’m
w’ap pran pòz viktim ou
m pap di mal de ou
on jou l gen pou l jou
ou fin kraze kè’m
w’ap pran pòz viktim ou
gad janm pran nan move kou
nim pap ofanse lanmou

chéri mwen fin abitye
mwen pap fè kòlè
m pap mande mal pou ou
map rete saj jouk mwen konn gou lanmou
mwen tе deja jire pou m retе moun mwen ye a
mwen deja aksepte pou m peye po kase a
ou kraze kè’m
w’ap pran pòz viktim ou
m pap di mal de ou
on jou l gen pou l jou
ou fin kraze kè’m
w’ap pran pòz viktim ou
gad janm pran nan move kou
nim pap ofanse lanmou

oh, bondye, di on mo souple
ekip
e nou l ye ah
sing along one more time

m te telman kwè nan ou
m te ka bay vi’m pou ou
sepandan’w te diferan
ou pat janm genyen mwen plan’w
m pap mande mal pou ou
menm lè wout nou separe
tout medya mwen yap pale
m pa wè kouman m pral kontinye

ou fè mwen pouse pou koupab
la sosyete rann mwen envivanb
w’ap pòz viktim ou
w’ap pran pòz inosan w
ou fè mwen pouse pou koupab
la sosyete rann mwen envivanb
w’ap pòz viktim ou
w’ap pran pòz inosan w
m te telman kwè nan ou
m te ka bay vi’m pou ou
sepandan’w te diferan
ou pat janm genyen mwen plan’w
m pap mande mal pou ou
menm lè wout nou separe
tout medya mwen yap pale
m pa wè kouman m pral kontinye

ou fè mwen pouse pou koupab
la sosyete rann mwen envivanb
w’ap pòz viktim ou
w’ap pran pòz inosan w


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...