
lirik lagu cas-andy - yon madi
[intro]
yeah yeah
gospel vibe
cas~andy
non non non non non
ou pa ta fè m sa
madi madi madi
mhhhh
oh oh oh
[chorus]
yon madi yon madi yon madi
yon madi vin kraze kay mwen
yon madi yon madi yon madi (ey ey)
yon madi vin kraze kay mwen
nan kondisyon sa m pèdi madanm mwen
kounye a gade eta mwen
apa mwen lage ak de ran dan mwen
[verse 1]
gade kounya mwen lage pou kont mwen
malgre se pa twonpri men kolè m sa leve
eske se lanati ki kont mwen
mwen nan yon kochma je kale map reve (reveye)
pou jan m te santi m konfòtab
pou jan l te ban m “love” lan bò tab
pou jan n tap pataje vi a pou ki sе sa ki separe n
kounya mwen marе kon gwo krab
te gen vi a
anndan relasyon mw ak sendie a
lanmou okouran de sa m ap di a
paske madanm pa nan te vo pri a
pa bezwen mande m si m te renmen l si l te renmen m
lanmou n se te resipwosite
mw te tj konn jwenn li le m bezwen l ni lè l bezwen m
pat gn koze resi pwofite
[chorus]
yon madi yon madi yon madi
yon madi vin kraze kay mwen
yon madi yon madi yon madi (ey ey)
yon madi vin kraze kay mwen
nan kondisyon sa m pèdi madanm mwen
kounye a gade eta mwen
apa mwen lage ak de ran dan mwen
[verse 2]
se te luil se te wow
tou ti “i love you” se te mmuah
kisses ti frape n se te paw
se tout sak fè m pi frustre now
lojik relasyonn 1~1 egal 1 menmsi w wè l an sòm
ekwasyon pa n se te lanmou ~ lajwa egal bèl anfòm
si “la musique” te dezyèm konn se li ki te premye pasyon
lè m pote manje nan kay la se li ki te tcheke bwason
li pat kwè moun kap plen tèt li ni lòt kap plede ba l son
depa l kreye emoraji interne kè m ap plede bay san
2 zan deja depi n te fin deklare ansanm pou lavi
cheri ta pral pote yon bb 3 mwa ansent pil avni
franchman se sak t pi blese m atè plat li fese m
lè m sonje jan bae t kontan l we l pral fè timoun pou naj li
nan lendi swa n fè pil womans
bèl ti pawol manyen vant lan
reve jan fanmi an pral bèl lè bb vini nan mond lan
lè m fè kalkil piti mw tap gn 3 zan avan m gen 30tan
se bèl vizyon ki tap fèt nèt sware a fini “en chantant”
madi maten mwen prepare food pou li avan m al travay
fè bizou pou li mpran lari men tout kè m te rete lakay
nan lè 4trè lè map antre tè a tranble kay la tonbe
sou madanm mw ki te anndan se konsa menm li di m “bye bye”
[hook]
ou pa ta fè m sa a (non non)
ou pa ta fè m sa a (non non non non non)
ou pa ta fè m sa a madi madi madi
[chorus]
yon madi vin kraze kay mwen
nan kondisyon sa m pèdi madanm mwen
kounye a gade eta mwen
apa mwen lage ak de ran dan mwen
tanpri ann kenbe nòm konstriksyon yo
sispann avèk konstriksyon anachik yo
nou pèdi anpil moun madi 12 janvye 2010
istwa sa tris anpil
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu macias - tętno
- lirik lagu xxxnightmare - running it up
- lirik lagu its_charli3 - mtv (clean version)
- lirik lagu garch the great - let's get back in time!
- lirik lagu saez - fleur iranienne
- lirik lagu t. danny - bosszúvágy
- lirik lagu елистратов (elistratov) - потерял (lost)
- lirik lagu babe haven - nuisance
- lirik lagu tino tipsy - sad song
- lirik lagu miki jevremović - avantura