lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu bedjine - va-t'en bb

Loading...

renmen nou renmen
bedjine
va~t’en bébé
renmen nou renmen

paske m renmen w m konn kache sa ou fè mwen
tèlman m renmen w ou fè m gache tout rèv mwen
men c’est assez w pap jwenn mwen ankò pou w vin kalote mwen
tan w nan pase, w pap jwenn mwen ankò pou w vin galope mwen
kounya m ap pran lavi m an men
m pap kite bonè m trennen
dabò si m pa renmen tèt mwen
kiyès ki pral renmen l pou mwen
sе marye nou marye marye maryе
se pa mare m mare mare

se renmen nou renmen, m pa ret avè w
se renmen nou renmen, m pa ret avè w
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé

lè ou antre w pa pote
men tout sa w genyen w vin lote
kijan de gason ke w ye
tout kòb ou pou w banboche
ou pa janm la pou w kenbe m lè m santi m vle bite, non
ou frape m maltrete m lè n gen kont si m replike, non non non non
pou jan m viv avè w se pa sa mwen merite
m mèt soufri men w pap jwenn mwen ankò pou w denigre m
men c’est assez tan w pase m pap la ankò pou w vin galote m
ou pap jwenn mwen ankò
se renmen nou renmen, m pa ret avè w
se renmen nou renmen, m pa ret avè w
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé

m te chwazi rete avè w malgrem pat ere
m te panse ou te ka chanje
finalman m reyalize se tan k tap pase
cette fois c’est assez
va~t’en, va~t’en bébé

va~t’en bé~, va~t’en bé~, va~t’en bébé, va~t’en
va~t’en bé~, va~t’en bé~, va~t’en bébé, va~t’en
va~t’en bé~, va~t’en bé~, va~t’en bébé, humm eye
va~t’en bébé, va~t’en bébé, va~t’en, va~t’en

se renmen nou renmen, m pa ret avè w
se renmen nou renmen, m pa ret avè w
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé
va t’en bébé, bébé, va t’en bébé


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...