lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu ansy dérose - fam' peyi' m

Loading...

tout fanm nan peyi m
ke l marabou ke l milatrès
ke l se nègès tout se bèl fanm
ki san woujalèv san makiyaj
s on rèn solèy ki pot chalè
ki konn travay ki konn renmen
ki konn soufri se fanm lagè
fanm dayiti
si wap chèche yon fanm pou marye
w a gen pwoblèm pou deside
sè ke menm kote manje ra
fanm pouse kou dyondyon
lè vakans rive nan tout lari
pòtoprens kou provens
se bèl parad se bèl istwa
ou wè bèl zye nwa bèl zye mawon
ou wè zye lwil zye tamaren
nègès ak dan blan
jansiv vyolèt kou kayimit
tout se lanmou k ap pwomennen
tout gason ki pale fanm yo mal
se gason ki pa fin nòmal
gen malchans ki fè ke pafwa
w al tombe sou yon chòche
chak fanm nan peyi m
se yon boul dyaman
k ap pwomennen
ala fanm yo bèl
fanm dayti yo bèl
ala fanm yo bèl
fanm sila yo gen kè
yo gen nanm ak kouray
nanpwen fanm sou la tè
ki ka fanm pase sa
ala fanm yo bèl
fanm dayti yo bèl
manman nou tout se fanm
ke l se machann ke l se prensès
ke l malèrèz ke l milyonèz
e menm si l se yon fanm
ki tap mache chache
ki ranmase san l pa konn kilè
ni pou ki moun
fò n pa jije l fò n respekte l
se fanm peyi n fanm dayiti
lè maten lò l desann lavil
chay sou tèt li menm si l gwo vant
fanm sila yo fanm gen kouray
yo merite lanmou
chak fanm nan peyi m
se yon boul dyaman
k ap pwomennen
ala fanm yo bèl


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...