lirik.web.id
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

lirik lagu 2senk – 5 mas

Loading...

[verse ]
2 a se rezilta pasyans plis detèminasyon m
5 nan 5 mas 2019 dat ki make konstriksyon m
yon dat ki detwi yon dat ki konstwi
se te projè 2~3 zanmi
reyalize yon rèv yon projè fanmi
pou studio a fèt nou pa t menm gen lokal
lè m te eksplike xd ak lasini sa yo te di m sa pa chay
dimitri ak paff t finanse amenajman
nan plas kòb m te bay kè m m bay tan
1000 dola aparèy yo te apòr lachi
projè a te prèske ateri
m p ap bliye pou 2paff t envesti li t al travay nn faktori
lachi ou t ap maestro ou te fè n kwè ke w gen nivo
lè pou n te derape ou t ap bay manti di se fòt lojisyel yo
pou projè sa nou te sakrifye pa bryan
san n pa t atann pi devan se nou ta pral pann
se sou kouraj nou tout ou te mache
kòman w te santi w lè wè mеn m t ap bay san nan lave on kanape

se anpil laj ou gеnyen men ou pa t janm granmoun
fose n achte kanape rouj jis pou satisfè fanm ou
se paske w m pa t respekte tèt ou kifè ou pa t respekte efò n
lè pou w te fè koken ou te pran pretèks se pwoblèm telefòn
nou te konprann ou menm lè w te blese n nou tap tann ou tounen sou desizyon w se sak fè n te bese n
tan pou chache dyalòg ou t ap anfonse w nan manti
la m vin konprann moun p ap janm konstwi anyen nan manti
lè sa te kraze n pa t menm jwenn mwatye kòb nou envesti
nou t ap aprann nou te di tèt ou epa anyen n pèdi
nouvo plis ke sa nou p ap fè tenten pou degouden
lavi se konsa l ye dèfwa fò w pèdi pou w genyen
se eksperyans ki fè m vin pè sak rele zanmitay
menm men k ponyade m nan avè l m te konn pataje bòl fritay
m pa t vle fè viktim ki fè m pa t mennen sa lwen
e n tap gen tout rezon n nou te gen boujoli kòm temwen
depi m pa ret atè m ka tonbe
mechan ap ret mechan 2senk toujou akroche w ak bonte w
se nan detwi m nou konstwi m sa k pa t bon an bon
mal la tounen byen kounya m se rapè evazyon…..


Lirik lagu lainnya:

LIRIK YANG LAGI HITS MINGGU INI

Loading...